letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de men kilè? - levite sound

Loading...

vs 1-harel
men kilè n’a va chanje mantalite’n, fè yon lavaj
nou viv an chen manje chen
w’a ta di se bèt sovaj
nou refize aji byen
et c’est domage
nou chwazi viv yon vi ki trè bosal
se pa fòt nou, se mantalite esklajis
ki nan sistèm nou toujou et nou bezwen dekolonizel
pou nou aprann renmen frè nou
pou nou aprann renmen sè nou
se pa yon kesyon de zòn
ni se p’on kesyon de blòk
se yon kesyon de lanmou an jeneral
kit ou wouj kit ou nwa
pou lòt nasyon’w pa anyen
akoz de aksyon pa nou
tout gè zansèt yo vinn an ven
yo fè sa yo vle ak nou
anpwazone mantal nou
e nou la nou gade et trete yo tout kòm dieu
nou bliye ke se yo menm ki te boule nou nan du feu
men’m konnen bondye anlè a msye pa jann bliye
saw fè pit-t ou ap peye’l
et nou menm aprann viv an fratènite
hook- harela
nou ret anba, yo mete’n ba (wouw)
men nou pap janm rete la (men nou pap ret la)
fò nou ini pou nou konba (fò nou ini)
pou nou ka vin réusi (pou’n ka reusi)
men kilè? (ey)
men kilè? (ey)
men kilè? (ey)
na va met peyi nou an avan
(men kilè? 16x)
verse 2- harela
time to wake up
time to understand
no one really love us
since the beginning
receiving fake love, fake smile, fake hugs
too many of us are walking dead
and i’m just seeking for a place to rest
if we speak the truth we won’t get fed
no power, no might, i got hope instead
my people are destroyed for lack of knowledge

rest of verse 2-harel
ayiti premye pèp nwa libere eske se vre?
de jou an jou map gade, m wè’l lwen de verite
se yon ilizyon de libète ke blan yo ba nou
yo vinn zonbifye nou, fè nou kwè nan fo kwayans
yo mete yon baryè nan sistèm panse nou
pouki’n pa pran konsyans
konesans se libète
chache konn tèt ou wa va libere
pa janm met konfyans ou nan lòm
kwè nan dieu wava tankou di zòm
hook- harela
nou ret anba, yo mete’n ba (ohhhh)
men nou pap janm rete la (men nou pap janm rete la)
fò nou ini pou nou konba (fò nou ini)
pou nou ka vin réusi (pou’n reusi)
men kilè? (ey)
men kilè? (ey)
men kilè? (ey)
na va met peyi nou an avan
(2x)
(men kilè? 16x)

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...