letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de sa n fè yo - zenglen

Loading...

[intro]
sa n fè yo
sa n fè yo

[verse 1]
poukisa w ap goumen avè m konsa la
poukisa w ap boule kon dife bwa
poukisa w rete w jis pouse konn
san w pa gen anyen avè k pèsonn
poukisa w ap fè vyolans konsa
ou gendwa pale di sa ou vle
se ka jan sa a pou yo ba w pase
sonje di verite, gen sa k pran w oserye
si se plas pou ou chita
pa bezwen aji san fwa ni lwa
there’s room for everybody
don’t you try to fight with me
oh yeah

sa n fè yo
sa n fè yo

[verse 2]
poukisa w ap fè kout san san rezon
ou paka pastè pou ougan an menm tan
poukisa w rete w jis pouse konn
san w pa gen anyen avè k pèsonn
poze zanmi, goumen an pa nesesè
ou gendwa pale di sa ou vle
se ka jan sa a pou yo ba w pase
sonje di vérité, gen sa k pran w au serieux
si se plas pou ou chita
pa bezwen aji san fwa ni lwa
there’s room for everybody
don’t you try to fight with me
oh yeah yeah yeah

[bridge]
nou tout tankou zòt se efò n ap fè
(alo zenglen)
fò w pa fè m pè
(nou toujou anlè menm bato a)
nou tout tankou zòt se efò n ap fè
(ha ha ha)
fò w pa fè m pè

[keyboard solo]

alo dwat, nou pap disparèt
alo kaliko, men moun yo
[riff]

sa n fè w
gen sa ki ta vle n boule kou on pay mayi
sa n fè yo – sa n fè w
mache di jwèt nou fini, n pa gen avni
sa n fè yo – sa n fè w
si n kouche dòmi epi nou pa leve
ki mele yo – sa n fè w
sa n fè yo, sa n fè yo?
sa n fè w
ala mele yo mele san
ola mele yo mele san
sa n fè w
ala mele yo mele san
depi n lage n ba yo rezon
sa n fè w
sa lèzòm di men se pa sa bondye di
sa n fè yo – sa n fè w
yo mèt mare kat la 3/7 nou pap dòmi ap bay kout tèt
n ap veye yo – sa n fè w
sa n fè yo, sa n fè yo?
sa n fè w
n ale

[h-rns]
pafwa lè w lage se viktwa pou enemi
yo poko wè chapit sa a

[keyboard solo]

zenglen depi w pa la, plas ou rete vid
alo eugene, crazy chicken
ou kanpe an don king

[chorus]
gad jan ou pale
pale di sa ou vle
kopye tout sa w tande
ou repete kou jako
gad jan ou pale
pale di sa ou vle
kopye tout sa w tande
ou repete kou jako

[verse 3]
pale pale pale pale, se dwa w ou ka pale
fòk ou pa egzajere
sa w di jodi ka jije demen
kijan w vle pou m entèprete ou k ap rele m brother
komsi w ta di m se frè w
oubyen se non m ou a vle site

[chorus]
gad jan ou pale
pale di sa ou vle
kopye tout sa w tande
ou repete kou jako
gad jan ou pale
pale di sa ou vle
kopye tout sa w tande
ou repete kou jako

[guitar solo]
alo hennessy, konpa sa a pa gen defisi
p-ssez à la caisse, forget the rest
lesly lagrandel veye yo

[riff]

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...