letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de ou te di m - wellborn

Loading...

[ wellborn kouplè 1 ]

ou te di m se pour la vie, pour le meilleur et pour le pire
e m s on krapo ou pral bo pou n bati yon empire
ou t ap pale m de rèv de bonè e de love
ou t ap pale m de maryaj, zanfan fond on fwaye
ou te di m nan kè nou rich menm si nan pòch nou pòv
jamè youn san lòt, si m plonje w ap nwaye
ou te di m ou diferan ke m ka fè w konfyans
ou te fè m wè eta m, pou m te ka pran konsyans
paske mwen stil gen menm pwoblèm ak on pakèt
m s on thug, lanmou pa sot nan kè m encore moins dans ma tête
san domisil fiks, ou te di m w ap louvri kè w pou m sieje m
w ap panse plè m, lè m ap kriye w ap la pou w siyе je m
ou te di m ba w tèt mwen, ba w nanm mw ba w kò m
lanmou ka fè maji sе pa sèlman bòkò
ou te di m si vi m gen move tan w ap sèvi m parapli
ou p ap kite m konn soufrans, jis pou m pa rap li

[ refren – stan ]

w ap la pou mwen ba w vi m ba w kò m ba w kè m
ansanm n ap bati mond nou
se sa ou te di m
se sa ou te di m
menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou
se sa ou te di m
se sa ou te di m
ou te di m

[ wellborn kouplè 2 ]

e ou te di m ou pa bezwen liks ak bijou
sa yo se ti kapris, ou jis bezwen lanmou ak bizou
ou te di m n ap mennen on vie de bohème
se sof rim mwen yo k rich kidonk m ka kouvri ou ak powèm
w ap koute silans mwen, konprann menm sa m pa di
w ap koupe soufrans mwen, fè de lanmou sèl maladi m
w ap ban m on rezon pou m viv, on koz pou m mouri
w ap pran move moman yo, wap ban m on bèl souvni
mon amour, ma bataille ( hum balavoine)
ou te di m ansanm n ap pran menm sa lavi a pa bay
ou te di m w ap met souri sou vizaj mwen, wete chagren m
ou t ap simen woz, wete vye zèb nan jaden m
ou te di m plonje nan vid lan w ap pare m
ou te di m w ap bousòl lè m pèdi wout mwen, lè lavi a bare m
ou te di m renmen w, san kondisyon, san koz
ou te di m bliye tèt mwen, ekri pou ou lòt rim ak lòt pwoz

[ refren – stan ]

wap la pou mwen ba w vi m baw kò m ba w kè m ansanm n ap bati mond nou
se sa ou te di m
se sa ou te di m
menm nan mizè w ap stil renmen m mèt kwè w e w p ap janmmen ban m do yon jou
se sa ou te di m
se sa ou te di m
ou te di m

[ wellborn kouplè 3 ]

ou pa t di m ou t ap trayi m avan menm kòk la kòdase
e jou sa pou mare m p ap gen kòd ase
m p ap gen kòb ase paske rèv yo g on pri
non ou pa t pale m de manti avèk twonpri
ou pa t di m, ke livè toujou vini apre prentan
a trantan on fanm bliye sa l te pwomèt a ventan
se toujou menm lanmou, men diferan koz
men ou pa t di m an vrè se zepin yo ki gen woz
ou pa t di m, moun chanje kou sezon, pèdi rezon fas zeprèv
w pa t di m, renmen san kondisyon, m ap brize san rezèv
w pat di m tan konn manje rèv, m p ap chanje tèm
ou pa t janm di m lanmou pa rezime ak on je t’aime
ou pa t pale m de regrè, de kriye, de solitid
on sèl moun manke m, m gen lenpresyon tout latè vid
ou pa t di m ke lanmou, se te jis on ilizyon
e tout istwa yo pa fini tankou sandriyon

[ koral – stan ]

se pa t sa w te di m
se pa t sa w te di m
se pa t sa w te di m
se pa t sa
se pa t sa w te di m (se pa t sa w te di m)
se pa t sa w te di m (se pa t sa w te di m)
se pa t sa w te di m
se pa t sa

[ fen – stan ]

menm myèl la ou wè ki byen dous konsa yon jou kè plen li kapab ba ou
se pa t sa w ou te di m
se pa t sa ou te di m
sa kapab detwi lavi m tôt ou tard si m livre tout mwen menm ba ou
se pa t sa ou te di m
se pa t sa ou te di m

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...