letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de kite m dòmi - wayne mondelus feat. chrystelha j.

Loading...

pa leve m non, jodiya m’pap deplase
kite somèy ale avè m, kite m reve
ayiti jodiya pi bèl lè zyem fèmen

paske sa m wè je klè, fè m anvi bay legen

sa m tande, sa map viv, mwen paka sipòte
pou m pè pale, pè mache, pou malè pa rive’m

kite’m dòmi, kite’m dòmi
kite m dòmi kite’m reve solèy
nan kè m peyi m toujou ret mèvey
si m pa leve, pinga w fè kè m sote
lariya map kabre, tèt mwen map pwoteje

si w ta wè map kabicha gran jounen
pa panse se objektif mwen pa genyen
reyalite peyi’m anvi sifoke m
si w wè m pa leve, pa rele’m pa souke m

nou la jeunesse ann ayiti kote n pase nou pabon
sakapase, nou antrave
pa genyen pwoteksyon, pagen edikasyon

kite m dòmi kite ‘m reve solèy
nan kè m peyi m toujou ret mèvey
si m pa leve, pinga fè kè m sote
lariya map kabre, tèt mwen map pwoteje

kite m dòmi kite ‘m reve solèy
nan kè m peyi m toujou ret mèvey
si m pa leve, pinga fè kè m sote
lariya map kabre, tèt mwen map pwoteje

se je fèmen ‘ kriye
je fèmen m priye
je fèmen m rele pou rèv mwen yo kap nwaye
pou jenès mwen ki prèske gaspiye

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...