letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de ranfò - vanessa desire

Loading...

depi lem sot pase vakans kay parenn nan mpa alez
depi lel te fosem fe ti jwet la, mtou santon malez
meseye di manmie, mpa pral anko li dim two alez

li di se byenm byen, pitol te mwen mparet ak tout chèz
mwen santim pou kom
menm profese lekol yo dim sou fom
yo dim pa sou lekol anko, yo gadem yo dim vo plus
mvin pa menm ka esplike sam santi yo, mpa ka focus
msanti m nan yon mond pou kom, pa gon moun ki akseptem
antanke timoun mpa gen dwa pale, sinon yap sabotem
ah ki pwoblem pouw genyen? hein
yo dim pa ganyen sou kont mwen
yo pa banm leve lejè ni lou
sa yo banm se liv mwen
sa fe map senyen anndan
menm mpa jwenn kouraj pale
e manmanm pa gen mwayen, so se sa parenn di′k pase

en plus m pa malad nan kò
msantin puni, sanm pa antò
pa gon pwoblem fizik, wanfom
peyim yo pa met tet nan kò

bot kot manmanm poum ta alez, men se le sa mbezwen ranfò

mwen menm antanke manman
mfe tout sam te kapab poum pran kaw
e se mwen sel kom paran
n’sibi de absans papaw
men malgre tout sa ou montrem ou pa konprann tout efom fè
chak jou c problem sou problem wap banm em konn se esprow fè
tout sam diw pa tandem
ou konnenm pa ganyen nan menm, mvoyew al kay parenn ou
poum ralon souf, ou vle manjem
poukisaw ekate?
mfe tout efo pouw alez, abiyew, baw manje, e malgre sal toujou pa ase

chak jou son sel chanson,

menm lekol la′w pa fè bel note anko
apre mwen yo pral wè k pa responsab? dim non kilot anko?

ou pa fe maladi doktè
mwen menm rive met pyem deyo tou
sim okipew wap fem fe kè
mpap vin kitew fem pa won lot jou

mwen bouke pale, mbouke mache, mbouke voye baton
mbouke kriye, mbouke priye, mwen bezwon solisyon
se tonkouw n’on misyon
pou rann lavim enposib
map voyow bay parenn ou net, se mwenk granmoun de toute façon

depresyon reyèl

manvi fe konesans avem
mgen lontan mpa rekonet mwen
chak jou, mvann yon imaj tout moun konnen
men se pa mwen
tet mwen pa match a kèm
demwazel ki nan miwa son etranje pou mwen
map fe sanblan chak jou mpa ka onèt
man

nan jew mparet bel, manfom, ou banm bel akolad, a kiss
wachte mizik mwen, patage èv mwen, vini nan show mwen yo ak plus
mwen apresyew, menm konn kachew, se pa paske mwen two atis
men se paske depi a 11 ans map viv
ak yon tromatis

mwen deprime
e se pa depi dat
depi primè
mpat ka exprimem
okenn zorey pat prè
pat gen yon proch
sou sam t kontek te ka edem yo dim pr-ne banboch
yo te fem santim telman ba, tet pam anko mtoblije flush

lavim ton veritab dram
pandanm tou piti
manmie voyem nan vakans
malerezman
parenn tretem kom yon dam

lem vin pi gran poum pa pale
se pa de presyon mpran
menm sim ta vle denonse, mpat gen vwa, so depresyon pranm

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...