letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de se tandem tande - tmd

Loading...

depi mwen konnenw cheri se ou mwen damou
mvle pataje vim avew toulejou
chak fwa m’wew m’santi m’ap pedi tet mwen
le m’gen pwoblem, m’konnen ou pa janm two lwen
ou se sel fanm ki ka konsole m’ le m’chagren
siye dlo nan je m’ le ti ke m’ fennen
mwen te nan lari leu w’ vin pou lonje men ban mwen
jodi a se gras a ou mvin konn sa k’ rele renmen

manman w’ met pa vle, papa w’ met pa vle
se pa yo k’ te ekri destinen k’ te fe n’ rankonte
zanmi w’ met pale, fanmi w’ met joure
sa pa regade m’, sa pa sa pa regade m’

se tande m’ tande
yo di ke n’ pa ka renmen
se tande m’ tande
yo di ke n’ pa ka damou
se tande m’ tande
yo di ke m’ pa fet pou ou
se tande m’ tande m’ tande m’ tande
x2

depi m’ rankontre w’ la m’pa vle pyes lot ke ou
m’anvi rete nan bra w’ pou n’ pa janm sispann fe lanmou
ou se sel zetwal ki klere chimen an mwen
si ou pa a kote m’ anko m’pa menm vle we demen
ti rad sa a fe w’ byen ou konn tout sa mwen renmen
jan ou pal’ave m’ jan ou pase men sou mwen
fe mwen vle fouou gen tout sa mwen bezwen
jodi a mwen genyen w’ m’ pap janm kite w’ ale two lwen

manman w’ met pa vle, papa w’ met pa vle
se pa yo k’ te ekri destinen k’ te fe n’ rankonte
zanmi w’ met pale, fanmi w’ met joure
sa pa regade m’, sa pa sa pa regade m’

se tande m’ tande
yo di ke n’ pa ka renmen
se tande m’ tande
yo di ke n’ pa ka damou
se tande m’ tande
yo di ke m’ pa fet pou ou
se tande m’ tande m’ tande m’ tande
x2

keyi zetwal pou ou, m’vole lalin pou ou
pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou
m’bliye zanmi m’ pou ou kite fanmi m’ pou ou
bey bey bey
m’fe jalouzi pou ou
m’vole machin pou ou
pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou
m’bliye zanmi m’ pou ou kite fanmi m’ pou ou
woh ouh woh oh !!!

m’anvi renmen ave w’ cheri tout tan gen tan
m’anvi love ave w’ jis pou yon ti moman
x2

se tande m’ tande
yo di ke n’ pa ka renmen
se tande m’ tande
yo di ke n’ pa ka damou
se tande m’ tande
yo di ke m’ pa fet pou ou
se tande m’ tande m’ tande m’ tande
x2

keyi zetwal pou ou, m’vole lalin pou ou
pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou
m’bliye zanmi m’ pou ou kite fanmi m’ pou ou
bey bey bey
m’fe jalouzi pou ou
m’vole machin pou ou
pa gen anyen ke mwen pap fe pou ou
m’bliye zanmi m’ pou ou kite fanmi m’ pou ou
woh ouh woh oh

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...