letra de tak [tèt ak kè] - tay arthaud
(depi’w tande vwa sa l’ paka lòt)
pa di mantò si’m di’w lanati toujou gen rezon
santiman mò,nan dènye wonn nou ka kite lyezon
gon latriye rezon ki koz mwen vann bòl bè’m
si kèk fwa m’pran pòz soud mwen se jis pou’m pa koute kòlè’m
fòk kè’m ta sou fòkè pou’l ta palpite plis ke swiv
si’m viv vag se paske m’wè ke’m pap janm ka care plis ke steeve
mwen m’pa gen bouda chita paske mpa vle nan prete chèz
mwen pito pa etwal tan pou’m bay foli briye peze dyèz mwen
tout perèz mwen sèke mpa vle pou caj ante’m
depi lè’m tap boule nap lan mte konn karma pap manke’m
nan dеtay yo mpap antre,mpa san gadò tankou pitimi
je reconnais tous mеs péchés alors please lord pity me
je m’ suis promis de ne pas trembler sur c’ coup ci
et depuis qu’ je m’ soucis uniquement des soucieux j’ai moins d’ soucis (si si)
aprann konprann chak reyaksyon avan’w di mal
menmsi pale bouch plen lèd vre men pale tèt vid pi mal timal
lespwa fè viv men l’ pa rann pèsòn imòtèl
si yo di’w mourir est beau,di yo pa gen chatiman k’ bèl
legliz la pou asèvi,je suis déiste et fier de l’être
paske menm alanvè god ap still rete yon zanmi fidèl
ou mèt kwè’m ou te mèt fòse
ou pap ka geri nan anviwónman ki rann ou malad lan,mande dosseh
e lè’w se moun,aprann goumen pou pozisyon’w
ou ka plede mize nan wout san’w pa janm pot bon komisyon
soumisyon’w ka koze tray ou
reflechi byen wap wè ke ou se sèl moun nenpòt jan sa ye ki pap oze trayi’w
si’w pa poze may ou sa ka koz ou fini nan chèn
chak chwa w’fè nan lavi’w ka koz omwen on moun rayi’w
piga’w janm kwè w’twò rapid pou desten ralanti’w
ou fèt pou’w mouri yon jou,sèl sa lavi ka garanti’w
sak nan kè yanm sispann sekrè depi lè kouto ka konnen’l
si’m betonnen kè’m se pou dlo je ka sispann kraponnen’l
letras aleatórias
- benn › letra de the divisions - benn
- kid mercie › letra de clique (kid mercie remix) - kid mercie
- papon › letra de vande mataram - papon
- thejonesmob › letra de the pink - thejonesmob
- loud lary ajust › letra de intro + obtenir - loud lary ajust
- insane clown posse › letra de the party - insane clown posse
- lil mear › letra de my rihanna - lil mear
- dj mister cee › letra de the wickedest - dj mister cee
- wayne montgomery › letra de sunshine anytime - wayne montgomery
- takt32 › letra de drama - takt32