letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de rasanbleman - règleman afè popilè

Loading...

ooooooo
lanbi kònen
g on vwa ki lwen lwen

k ap rele nou
tout pitit lwa
pitit lakou
tout kongo yoooooo

mc breakdancer dj grafis
hip-hop ekspresyon vibre l bay tiz
beatbox nan chak blòk cl!ck majik k ap tchill
goumen pou sa w kwè nan chak pòt real klasik n ap deal
milyonn kòd nou mande kondane
mystik mizik nan ipod pou nou barikade
yon sistèm trajik vle touye pitit project
dèlma kou lasalin desann nan bpc-projects
pou fondasyon an kazèn pa fonn pasyon an
nou ret solid kon rock lame san pran souf se non an
a5 thirty izi as rap mc
gridip gridip ranpli tas rap mèsi
sou tèt nou brikè n klere fè yo wè n
sou tèt nou danse brekè lè n play yon beat leonel
yon mizik enpòte medya mande ki rap sa n
preche l tankou pastè nan tanp gran mèt bèl rap staff

hummmm
tout pitit lwa
pitit lakou
hummm

non! bouda pa pou leta wi!
bouch fèt pou pale
baboukèt tonbe, lapawòli libere
hip pop ban n pèmisyon
spit move kondisyon
choute tout entèdiksyon
rap pou rasanbleman
f-ck sa k pa sanble m nan
blòk sa k ap tande m nan
rejwenn filozofi zòkòt
se te real og, okenn pa t chache blo lòt
pa t bezwen konn ki lè li ye
se drope san pran souf
lide k ap dile nenpòt kilè li ye
se rap san pran souf se clan li ye, no mc solo
epòk rap ap ekri ak voodoo stylo
se street li ye al pran vayb la kay madan brino
chache spit reyalite lavi tinèg sektè tinèg, rape tinèg nan reyalite lavi
pou rap jwenn idantite, epòk kalite pa kantite
sa s on nouvèl jenerasyon (politik)
mc ak pozisyon (f-ck teknik)

hummmm
tout pitit lwa
pitit lakou
hummm

rasanble pou seremoni an
limyè ak enèji
vin nou kreye amoni an
kont plantasyon ekonomi an
n an dark mode
vin chanje ègonomi an
tout lakou, tout geto
tout block, tout doko
tout clan
mafia kou blood
tout dakò
rap pou raple pase
se pa plas pou rapè pase
hip-hop sou tout plas e
pa gen plak ki ka ranplase
pap pa kite tras e pa gen baz li paka pase
sa pap pa trete klas e pale de pèp k ap trepase
kounya game nan chanje
plis nèg k ap chache manje
sa k sanble dwe rasanble
lari an vin pi danje
twòp salte devanje n
twòp san nou dwe vanje
ann rasanble
si l ka leve nou ka reve douvanjou

nan gran chimen
rale mouchwa
seremoni grann fatima
nan gran chimen
bò rivyè a
lave blese n
ak fèy nan bwa
tout pitit lwa
pitit lakou
tout kanzo yo
m pra l f on rasanbleman

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...