letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de etmk - règleman afè popilè

Loading...

[mozo]
san flyer, san thread, san twitter
san branding, san user
revolisyon an ap live
san filter
san banner, san tit, san sticker, san launching, san teaser
revolisyon an ap live
san filter
pap gen ase kamera
pou pèp souvren fè fotoshoot
dife limen tout kote
bèl imaj pou fotoshop
revolisyon an
pèsonn pap post li
pap gen postè
pwofil yo ap piblik
pap gen enpostè
revolisyon an pap nan tele
li pap fèt ak on panèl
se hiphop k ap akonpanye l
mete kas ou
se hiphop k ap akonpanye l
revolisyon an, pèsonn pap boss li
li pap sou billboard
l ap fè buzz men san booster
jou a pap gen tan menm pou screenshot
tout gadjet etenn, pa gеn selfi nan gunshot
[refren- mozo]
hip hop nan kas ou pa di m tèt ou pa souke
ou nan bon kan si w tande sa ou pa chokе
leve pwen montre yo nou pa bouke
hip hop politik nan kas,ou etenn tele w jere blòk ou

[mawon ann di]
kòlè w nan fòma nimerik ou ponn li sou twal
rezo sosyal chak vizaj gen yon vwal
souri plastik emoji penn emosyon
fè sèlfi nan mitan manif batay pou reprezantasyon
enfliyans fè w ekspoze prive ap defile
sou mi sa k ap poste pou like san ezite
event life leadership jèn antreprenè ceo
follow back si w bay yon retweet ekspè nan konsèy se ewo
fè buzz pòz big boss yo fè pòs blòf plis mòd sou
pòch djòl wòz pil lòv yo sèl bwòs djòb tris oww
140 karaktè solisyon pou maske gwo vid
s ou gad opinyon chak aktè g on dizon pou kwape kovid
screenshot ak dm tik tok blag pm
distrè w vag pwoblèm tikè tagg met j’m
vrè rap kou vrè vi ap nan kas oubyen nan lari
etèn televizyon w aprè met kas ou pran lari

[refren- mawon ann di]
miwa envès efè optik vizyon algoritmik
memwa an bès reflè epòk nasyon teknolojik
revolisyon hd full rezolisyon mega pixel
telivizyon w achte w twonpe vizyon w an fòma xl
[mawon ardy]
tout aryè gad yo, vini, pwoche
deja sou sèn nan, vanse, pwojte
lari s on espas politik
desann pou poze pwoblèm ou
viv paka pou itil ekonomi
dwe gen ekonomi pou viv
medya ap vann ilizyon politik
demokrasi nan liv
leta ak dwa 2 mo ki rasi nan liv
twòp grangou, twòp moun ki paka manje
malere malerèz paka konfine
se pa defo si w reve je kale
si gran chimen fè nwè
kèk machin tounen chandèl
klere wout nou
sou wout nou dwe kale je nou
pou nou pa pran panzou
m wè w k ap pran pòz
pran pòz sa pa konsène w
w ap flòch mizè w ak bokit
kòmsi lavi di pa t kosène w
etenn tele w, limen dife w
mete kas ou
sa w ap koute la, koute la
okenn radyo tele p ap janm woule l
twò rèd! twò dope pou yo woule l
desann pou nou koze
demen se gwo koze
vin make sèn nan
vin poze pwoblèm
se p on pwoblèm
si madsèn benyen nan san l
[refren- mawon ardy]
desann ak clan ou gang ou
pou make teritwa w
bwè san chak venn ou manm ou
vin bay leta pinga l
ak grandon boujwa
nou pa t siyen okenn kontra
etenn tele w, mete dife w

jere blòk ou!

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...