letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de m prèske rive - mcm powèt revòlte

Loading...

hgrr hgrr yèè!

mcm double mc, powèt revòlte

yèèr

[kouplè 1 : mcm]

m p ap kanpe menm si m ta twouve m n on enpas
menm si m ta jwenn mwens espas
m ap toujou fè 2 pas
e m ap toujou priye koz gras la pa janm ase
m ap brase brase tan mwen avan m trepase
pou m pike devan m g on egzanp, pase m deja repase
prezan m ap pase, pwen darive tèt mw deja plase
obstak yo la, m ap kale jem pou m veye 4 kwen
depi m konprann ki mele m sou 10 m fè 4 pwen
fo ou pa m ap rive menm si m ta gеn 2 pye poupe
m ap rive tèt kè m pozitif mеnm si l ta 2 pye koupe
pandan m sou lign mwen m ap veye 2 sou kote m
m ap veye sa k pa bwè k kotem e fò m veye sa k sou kote mwen
m anba syèl la depi m fèt m pa konnen m g on nouvote mwen
si se pou voksal yo mèt koupe 10 dwèt yo pa vote mwen
toupatou sou la tè dieu ak prensip m apiye
m pa posede machin m pa twò deranje sim a pye
yon sèvolan nan nyaj la pa t fèt tou anlè
yon kout volan ak san pou san pa ka fè w evit on malè
m ap gad devan m menm wè dèyè m
m jis sou tè espwa m sou tèt mwen
genyen m pou nou men zafè mwen sèl pou pèt mwen
si m pa ka mete tèt m ap pito koud 2 zòrèy sou epòl mwen
epi kè m ak je m sou prensip pasyon ake tout lekòl mwen
dèfwa m konn santi m anvi dekouraje tou
pou succès m pa trouve nan vil e m fè 2 kou raje tou

[ refren tafa mi-soleil ]

m fèmen je m pou m gade dèyè
m wè tout chimen mwen gentan fè
nuit blanch yo pote koulè
sakrifis yo peye nan kè m, santi mwen prèske rive
nuit blanch yo pote koulè

[kouplè 2 : mcm]

soufrans ak delivrans kanpe menm kote n prèske rive
depi n komanse wè pwoblèm yo konnen n prèske rive
menm si n ap mach ak dlo nan zye nou dèfwa n prèske rive
pandan vi sa vle fè n chanje pye n wout nou prèske rive
menm si tèt mw ta koupe nan lavi konn chapo m ap ret la
aprè bondye nan syèl manman m nasyon m m pa pou anwo m pa pou anba
yo mèt kraze matyè espri m ap ret pou god la
m ap ret konfyan jodi demen m konnen m ap kase kòd la
m renmen ret pozitif ak tèt mw jouk rive nan kè m
m ap rete fèm sou pakou m pou tan m tounen nan tèm
m sòti n on pwen m prale n on lòt m pa la pou m fè moun pè m
m prèske rive wout la long men m ap pwofite lè m
bòt mwen byen lase pandan m ap bade n on salte
figi m plen takte menm jan wout la chaje mak pye m
m prèske rive pentire ak koulè viktwa
si m te plante mayi l ap leve mayi li p ap leve pwa
tafa

[ refren tafa mi-soleil ]

m fèmen je m pou m gade dèyè
m wè tout chimen mwen gentan fè
nuit blanch yo pote koulè
sakrifis yo peye nan kè m, santi mwen prèske rive
nuit blanch yo pote koulè

[ outro tafa mi-soleil ]

m fèmen je m pou gade dèyè
m wè tout chimen mwen gentan fè
nuit blanch blanch blanch yo pote koulè
sakrifis yo peye nan kè m, m santi m prèske rive
nuit blanch yo pote koulè

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...