letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de zèv - malada

Loading...

zèv lyrics
ou di solèy
m di zèv
somèy
m di rèv
ou di m konfyans
m di prèv
konsyans
m di chèf
ou di lanmou
li anndan nou
si w nan kan nou
ou tou klan nou
libète nou yo pa t ban nou l
nou batay tou
jouk nou granmoun
m f on koudèy
m w on pil fèy
m wè 3 wòch dife
m wè ti plat
m wè ti tas
avèk ti tak kafe
m wè vilaj
m wè vizaj
m wè lòt fas kache
moun yo frikat
men m wè imaj
ki gen ti jak k ap jwe
m wè leta
m wè boujwa
m wè gangstè
ki nan pouvwa
m wè prado
gwo kay yo
gwo zam yo
y ap fè gwo vwa
di kolon
s on gwoup moun
m w on kolonn
m fè zoom
podyab pèp
y ap fè kòlè
m tande tonnè
m tande fout
m wè rivyè
m wè lanmè
anpil tèt mòn
ak pye bwa
m wè siwo
m wè kleren
m wè vèvè
moun pran lwa
yo jete dlo
limyè limen
mande pasaj
nan wout la
bouji atè
moun yo pa pè
yo g on bon sant florida
yo solid
yo solidè
yo pa fòk
ak fo lidè
yo f on konbit
pou konbat
pa gen plas
pou solitè
moun yo bezwen viv
yo pa menm jwenn on minimòm
lavi g on koulè vif
mizè isit s on inifòm
nou di tout sa n wè
tout sa n santi
nou dekri
yon tablo lavi
leta sanginè
san nati
sosyete febli
vizyon n pati

nou malad
pa gen lopital se zèv leta
moun ap mouri
toupatou se zèv leta

pou w on manman ak men nan tèt
yo fenk kidnape pitit li
yo mande l yon pakèt kòb
li poko janm wè nan tout vi li
se leta pou l avili
pou yo sispann jwe ak vi li
imajine yon jenn tifi
yo vyole jan sa fini
on nèg pr on bal nan tèt
pa mеnm gen
yon ankèt
anba lavil bò lari
gwo midi w pa wè sa lèd
dèfwa sot deyò s on gwo risk
menm si dеvan g on pòs polis
nèg ap bay bal ak bonis
chape menm lè gen blokis
leta pisan
lè pou l vòlè tè peyizan
lè pou l leve ti machann nan
lè se moman pwopagann nan
men l enpwisan
lè l pou l ofri bon kondisyon
lè pou l pote yon solisyon
lè pou l fè fas ak koripsyon
sa k fè peyi m nan bòdègèt
nèg yo plis kwè nan vòlè pèp
lage n toutan nan vote trèt
lè pou piye yo kole tèt
pandan n bezwen viv
nou pa menm jwenn on minimòm
lavi g on koulè vif
mizè isit s on inifòm

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...