letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de stannbay - malada

Loading...

stannbay lyrics
deja m sou stannbay
kidonk m pa vin pale de siksè
m gen punchline
men sa k pi rèd yo
se sa k pale de mizè
melankolik m g on son m bay
san m pa pase m nan miksè
san fè eksprè m f on eksè d zèl nan yon senp esè
m viv lib ak on may gran lakou
pa gen sa m vle m pa ka dou w
m viv ak sa m dwe
m vle w respekte m
pou sa m aji byen ak ou
m gen plim e karyè m pa ka bout
flo m yo vin tou patapouf
m fon rap bosal
on bèl dozaj (hey!)
nou nan kay la fout!
90’s tipik
m fè sa pou hip hop mizik
li fè doulè m fè w sekwe tèt ou
jwe nan tèt ou m s on sinik
ladan l nèg ap mete presyon
pandan m ap remete an kesyon
m ap gad atis k ap mete may
pifò nan yo pral nan eleksyon
annd on peyi k fin kraze nèt
kounya k pouri k ap kalе bèt
dola a fin kraze lestomak nou n ap viv pou n ka peyе dèt
menm lè sou kèk nou
pase trè
pi devan nou pral f on prè
e n prè pou n rete avèk
sèl sè n frè n yo tou prè
gen lòt k ap vini sa w ko wè
dayè n lakay nou yo k pou pè
ki kote nou prale
ki pawòl n ap pale
nou k di n pa sou ranpe
di m sou ki bit nou kanpe
nou sou stannbay
stannbay

pafwa m kache sikatris
pou m jeron aparans
m p ap menn on vi atis m jis ap kreye kèk anbyans
isiba l pa fasil tan m bay legen m tant on chans
deja atenn nou difisil
menm lè ap fè rap ak bon sans
chak jou
moute desann
lavi pelerinaj
libète m ak bout tè
sèlman kòm eritaj
n ap respire nou espere
se sa k kenbe n
nou pran kouraj
m p ap cd m deside
m p ap mouri man tankou lach
lannwit bay bon konsèy pafwa m tande l di m kontinye
w nan blakawout men w nan bon wout man
pa bliye
s ayiti w ye
mete may
revandike dwa w
poutan y ap plis fizye w
m pran lari ak ti sèkèy
pou si jou m ta rive

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...