letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de koulè - malada

Loading...

koulè lyrics
sou yon fon nwa
m t anvi depoze koulè bonè
m t bezwen kwaze solèy
donk m t oblije leve bonè
ak on chemizèt gri
m te ton sou ton avèk tan an
yon kanson vèt kou gazon
m t anvi fè l de tout fason
lari te blanch
te gen ti takte wouj san
sèl ti pwent tèt
nan fenèt
m konnen fòm dousman
byen souvan
on moun sòti s on dènye aksyon
l ap pran tout prekosyon epi w tande l viktim bal mawon
epoutan
se toutan
m tcheke bon an
nan move zòn
m konn bezwen ti sipò
lè s ak demon m yo m ap twoke kòn
nan met koulè sou koulè
finalman m konn g on palèt
aprè m pati tou bèl
ap gad nègès k ap bay payèt
kas nan zòrèy
bout hip hop
ou gentan konn kisa k ap fèt
nan tout nan zòtèy mw li reponn
li anvayi m nèt se pa jwèt
ou di kanèl m di weed
ni bon vèt la m di w wii
m ap redi man sou filing
m sou filing
nwa
toupatou lavi nou sanble
pou koulè po nou konmsi pou yo n reprezante danje
nou fè lirstwa na sonje
kolon yo pa janm chanje
yo toujou sou ladefansif
kòmsi pou n pa janm vanje
yo bati wayòm yo sou soufrans nou
yo anlè y ap ri jòn
fin volò n
piye lòn
aprè vin di n yo miyò n
se yo k pou pè
n pa ka mawon
nou pot doulè n
devan bawon
yo te fin ble nou ak baton
nou pa ka rele yo patwon
chak jou n ap pran pil desepsyon
yo agrese nou tout lè
m p ap fè okenn eksepsyon
tout rasis rayi koulè
vann nou modèl bote k lage n nan pase krèm
k ap fè n met kò n sou kote
ak vye jijman k ap kraze kè n
yap plis piye afè n
moun sa yo p ap ret prèn
frè n ak sè n yo
pa madsèn
pawòl yo vin tou nwa
ou pa klè men pa twaze yo
rebèl y antipouvwa
m pa kyè man si m fwase yo
yo krache sou doulè nou konbyen fwa
fè n kwè fòk nou dou lè yo bafwe vwa n
men n pote tout doulè nou yo nan vwa n
nou konn chak zetwal nan syèl la ka klere vwa n
yo chifonnen lonè nou plizyè fwa
fè n kwè lakoz koulè nou n pa gen dwa
men n pote lakansyèl nou yo nan vwa n
scat nou yo
konplent nou
dans nou yo

o ginen yo pran men nou
limyè a nou mande kouvri nou
o lwa n yo goumen pou nou
nou bare
nou mele
nou bouke
vini nou andanje

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...