letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de fatig - malada

Loading...

fatig lyrics
fatig bay vwa koulè pal
mwen m mete punch m ap fonse
chak mc gen mo pa l pou l bay mwen m t ap panse
m pa g anpil chwa m rete kalm
m tand on dat k anonse
pou konba a ka vanse
leve a kanpe a lanse
se dlo nou tout ap bat
pou n fè bè e pa dat
nou on pil men nou an plas
e kòmsi nou ann d on bwat
strès souvan anpare nou
ou ta di yo kondane nou
yo g on jan y ap kale nou
pou yon fen y ap prepare nou
li pa fado si w black
nou s on mago nou chak
tout moun nwa yo
nou se nwayo
men yo pran n pou n makak
yo rasis yo tchak
yo k ban nou plis mak
pandan n se motè listwa
pou lònè n merit on plak
yo pito redwi n
petri n
dekrin kòm debri
m ap redi l
y ap detwin
nèt
fè n pran egzil
se toujou menm pwoblèm yo kolonizasyon
okipasyon
domination
eksplwatasyon
se menm konsèp yo

yo bann nou kou a ,kou a fè nou mal oo
yo bann nou kou a ,kou a fè nou mal oo
yo bann nou kou a ,kou a fè nou mal oo
yo tèlman bann kou a ,kou a fatige n

vid anndan m yo grandi koz bri kèm fè gwo eko
m ap respire an ralanti
wa di sèvo m mand on repo
dèfwa l plen l a lafimen
tankou vye kò a s on depo
dèfwa m nève m s on imen
ni mwen m tou m g on ego
m pa dakò moun siperyè
reveye w pou si w te kwè
se bag-y bag-y pi stipid
pou koulè po w ou di w
meyè
yo vann bondye pou tilepè
si w di li nwa y ap di erè
yo kenbe n nan stad tiye vè
nan vant
e tout sa yo di se vrè
m pral ban n on ti sekrè
peyi a l pou yon ti sektè
yo k gen lajan
yo k gen pouvwa
yo gen kontwòl depi se tè
m konnen byen ke nou tout wè
franchman m pa konn kisa nou pè
si moun nan ap sèvi opresè pa fè l konfyans menm si l se pè
se nou k dwe priyorite a
m wè nou neglije sa
n pa dwe dakò soufrans sa
pandan se nou ki eritye la a
rasin nou verite a
nou pa dwe meprize sa
enèji pou n goumen
fòk nou viv byen
nou merite sa
yo bann nou kou a ,kou a fè nou mal oo
yo bann nou kou a ,kou a fè nou mal oo
yo bann nou kou a ,kou a fè nou mal oo
yo tèlman bann kou a ,kou a fatige n

nou chèche n pa twouve
lavi n ap pran kalòt
n ap karese rèv nou
men sekrè midi ap touye yo
nou chèche san twouve
yo ban nou sa yo vle
men yo ban nou,yo ban n kou

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...