letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de soley - magdala (mtl)

Loading...

la vi telman dwol tande
ou ka leve we’w te gen tout bag-y
ou pa g’anyen
moun ki te konn rele zanmi
di yo pa renmen’w
tout sa’w te posede
jodi li pa vo anyen

ou te konn ri kouny’a w’atriste
ou te konn jwi kouny’a w’ap plenyen
sa’k te konn dous vinn tounen pwazon
sa’k te konn bon vinn pa bon anko

konnen soley la toujou klere
mem le’w pa we’l li toujou klere
deye nuaj li te met kache
men’l se soley li toujou klеre
li toujou klere

tout bill yo tе konn peye
tout zafe’w ta’p byen mache
yo deside kite’w ale
pou tet se ou ki antre an denye
kouny’a se reta sou reta
yo met koleksyon nan bouda’w
wa’p jwe tet tet ak sa’w genyen
poukisa la vi chwazi pran tet ave’w
soley la toujou klere
mem le’w pa we’l li toujou klere
deye nuaj li te met kache
men’l se soley li toujou klere
li toujou klere

nou konn pa konprann pouki
malgre tout efo
pwoblem pa’p fini
nou fe tout sa nou kapab
trase tout chemen nou kapab
sa pa bay anyen
n’pa santi nou ka we demen

sonje soley la toujou klere
mem le’w pa we’l li toujou klere
deye nuaj li te met kache
men’l se soley li toujou klere
li toujou klere

sonje soley la toujou klere
mem le’w pa we’l li toujou klere
deye nuaj li te met kache
men’l se soley li toujou klere
li toujou klere
li toujou klere
li toujou klere
li toujou klere

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...