letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de bezwen zo - k'libr

Loading...

[intro]
-kolabo recordz (zo!!!)
-knock out baby (zo!!!)
-yow ou pa wè son w kote tout moun sou fè zo kounyaa
-men pingaw di l de fwa non pap
-non monchè

[refren]
tout moun (bezwen zo). pou fouye twou (bezwen zo)
chen k grangou (bezwen zo). menm moun fou (bezwen zo)
simityè (bezwen zo). atoufè (bezwen zo)
pou depanse (bezwen zo). pou nou panse (bezwen zo)
tout kouch (bezwen zo). menm mouch (bezwen zo)
politisyen (bezwen zo). gro ou ti chyen (bezwen zo)
raketè (bezwen zo). bwasè (bezwen zo)
menm pastè (bezwen zo). malfektè (bezwen zo)

[verse 1: k-libr]
pou ou pap gen bèl sezon siw pa antre nan yon rezo
moun fin pèdi rezon kou selilè k pèdi rezo
fanm ak gason pa kole ansanm ankò si zo
pa nan mitan lanmou app wan move kout sizo
l fè moun bliye moun, fè moun imilye moun
l fè n bliye si n se youn, l fè dè milye de moun
tounen mafyozo pèdi valè yo vin pa saj
kraze zo yon valè lòt pou yo ka jwenn pasaj
rapè k ap plenyen k pa jwenn zo paske yo pa “blood”
e “blood” isit se tèt pete k ap bay lòd
“oh lord” nan wayòm sousou arivis se “god”
san kòd, se zosman ak dechè k ala mòd
w m fin tounen on blòk zo, paske m fè tanm nan liv
anvan m chache fè zo, nan tèt nou m fè lesiv
son w kriz moralite k ap manje nou jouk nan zo
yo pap kitew tande m ni gade m si pòch nou tout san zo

[verse 2: ouragan]
gen nèg ki pa pè fè kidnape tèt pa l sou fanmi l pou l fè zo
gen ratyèfè k pwan kat zo diferan pa jou pou l fè zo
pwan pòz pa fò, manti non frè m yo menm k ap fè pi mal pou zo
pou gwo zo, nan leta gen pòs k ap vann pou nèg fè zo
m wè twòp “blood” sal k ap chache zo, lèw wè m pa di m sa kap fèt “blood”
twòp bèl fanm ki pwan tout zo pou zo nan kòm pa genyen “blood”
pou yo siw paka mete zo fòw aranjew bwè devan zo
ka devan jew nèg pap pè bal gwo zo, l pap “care” sa deranje w
m wè gen fanm ki pa pwan zo ankò, men k pouse zo bay lòt
gen nèg ki se sousèt pou zo, ki pwè pou souse zo pa lòt
paske moralite ak diyite absan depi se devan zo
yo fè l vin gwo ka nèg ak zo pap pwan “feeling” nan devan zo
ann fonw ti pale black, nap fon w ti tripotay
ah monchè m diw serye kounyaa non m pap fè blag
m konn yon nèg depi l pwan wout travay pou l al chache zo
madanm li gentan kay vwazen tankou chen fou l al chache zo

[verse3: k-libr et ouragan]
plis k on milyon moun leve maten nan pòch yo pa gen zo
men chak week-end on pakèt lòt al boule milyon nan jwe zo
moun ki pase plis tan nan chache l pa janm fè vye zo
poutan gen plis ki t ap la toujou si yo te jwenn yon vye zo
imajine w konbyen bèl fanm nan bèl djòb k ap bwase bèl zo
poutan gonw bann ki paka souse on zo paske y opa vle pwan zo
lè wap bay zo san mete zo, nonw se gwo soulye mawozo
konsa tou siw vle met zo anvanw bay zo w se mawozo
gen sa k pase 20 tan nan chache zo k pa janm met soulye nèf
men se nòmal y opa ret nan lojik fè zero tounen nèf
kolera bay dyare k sechew fè tounen on lamèg zo
poutan gen moun se gras a li si jodi a yo ka fè zo
chapant kò nou tout se zo, lè n mouri nou se zo
ou gen kòb tout li se zo, ou byen kanpe ou se zo
ou enbesil tou ou se zo, yo di m lè “real” tou ou se zo
ou son w ti bat kò tou w se zo, ou son w kokorat tou ou se zo

[outro]
-yow “gann”
-yeah dawg
-yo di pou n fè zo nan rap kounyaa fò n fè rap ti kawòl
-poutan nan rap nou kase lezo
-nou bwè enbesilsilin
-non monchè medyokrilin
-kokoratsetamòl

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...