letra de pale pou tèt ou - klass
pale klè pale cho
pale vit pale klè pale cho (2x)
pale klè pale cho
m sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò
yè m’al nan on ti party
avek you zanmi
nou rankontre you bèl lady
zanmi m’ entèrese men ii pè pwoche
li di m’ tanpri, pale pou li
mwen bay manzè bèl ti pawòl (bèl ti pawòl)
nan tèt mwen zanmi m’ pral plen bòl
men manzè mwen gade, li souri
li sekwe tèt li, li souri
li di m’ pipo, mwen pral ba w you ti konsèy
viens donc mon beau, mwen vle di w li nan zòrèy
sa w tande a li di m’
[chorus]
pale pou tèt ou, jere tèt ou
paske se avè w pou m ta ye
nan bra w’ pou m ta ye
pale pou tèt ou, jere tèt ou
se sou wifi w’ la m’ vle branche
se ou mwen sible
bag-y la konplike
mwen santi m strese
de pye m’ pran nan you grenn soulye
kijan l’ap fè konnen ke se pou li m tap goumen
m’oblije pa ka di l’ anyen
gad jann m’ pral pèdi you zanmi
you bon zanmi
m’ pa fè anyen k’ mal mezanmi
malgre mwen panse
mwen ezite
m pa ka reziste
manzè avwe
ke se mwen li te sible
m pat gen le choix
gen chans ou pa jwenn de fwa
ki sa li di?
[chorus]
pale pou tèt ou, jere tèt ou
paske se avè w pou m ta ye
nan bra w’ pou m ta ye
pale pou tèt ou, jere tèt ou
se sou wifi w’ la m’ vle branche
se ou mwen sible
pale klè pale cho
pale vit pale klè pale cho (2x)
pale klè pale cho
m sèmante m pa gendwa janm fout pale pou moun ankò
[hook]
si lang ou pa gen zo ole
si lang ou pa gen zo ola
si lang ou pa gen zo ole
si lang ou pa gen zo ola
pouki w pa vle pale pou tèt ou
se ka moun sa k’ pral fè bonè w’
se you move sitiyasyon
ki ka fè w pèdi zanmi w, mete w na vye pozisyon
ou gen dwa pè desepsyon
ou pa renmen rejeksyon
pa pè tonbe nan la vi
pou sa w’ renmen fò w’ soufri
pouki se mwen k’ pou pale
w’ pa enfim ni kokobe
epi kou sa mal pase
se sou do m’ chay pral tonbe
[hook]
si lang ou pa gen zo ole
si lang ou pa gen zo ola
si lang ou pa gen zo ole
si lang ou pa gen zo ola
pouki w pa vle pale pou tèt ou
se ka moun sa k’ pral fè bonè w’
file moun pou zanmi pa fè sans
a la rigueur si w’ vle
mwen ka fè w’ fè konesans
ou gen dwa pè desepsyon
ou pa renmen rejeksyon
pa pè tonbe nan la vi
pou sa w’ renmen fò w’ soufri
pouki se mwen k’ pou pale
w’ pa enfim ni kokobe
epi kou sa mal pase
se sou do m’ chay pral tonbe
letras aleatórias
- blood money › letra de bitches - blood money
- daviles de novelda abraham mateo › letra de te miro a la cara - daviles de novelda & abraham mateo
- gabriel helewa › letra de lonelytine's day - gabriel helewa
- candee › letra de wet - candee
- eng bot › letra de country goose - eng bot
- karli jane lovlyn › letra de seven - karli jane lovlyn
- ecm squad › letra de vs - ecm squad
- nbhd nick › letra de numb to it - nbhd nick
- dolce se › letra de säg nåt vanligt - dolce (se)
- skip the use › letra de the one two - skip the use