letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de petrospektiv (petroeducation) - k-lib

Loading...

petro mobilizasyon yon lòt pèspektiv
ak tout sa k pa konprann sa k te kwè n te san objektif
ak tout sa nou gen kòm zam n ap ret aktif
pou yon petro edikasyon ann fon petrospektiv

se te yon kontra ak tout peyi nan zòn nan kap redi
venezuela vann petwòk a ba pri e kredi
gazolin diezel gaz blan pwopàn
nan machin ekonomik lan n pral leve yon gwo pàn

leta fè kòmand gaz poul revann ak boujwa
nou menm nou vini ak galon achte li nan ponp
bmpad rasanble kòb pou peye venezuela
si doum nan te koute 100 gd lap bay sèlman 30
rès 70 goud sa a pral nan yon fon sou kote
se kòb sa a yo rele fon petro caribe
pou n remèt a 1% apre 25 lane

(si w pat konnen kounyaa w konnen sa k petrocaribe)

kòb sa a te dwe konstui lopital envesti nan agrikilti bati lekòl ak wout
pandan sitiyasyon nou vin pi mal kòb sa a ak yon bann lòt ankò boule nan blakawout (nan yon tan tou kout)

preval ak 2 minis pral pran 4 rezolisyon
desizyon idantifye pwoblèm e jwenn solisyon
2008 premye kagezon vin sou minis pyè lwi
14 mwa fo rezon k fè 45 milyon bwè luil

pati k pi bèl la te dèyè ak minis bèlriv
2009 koripsyon pral ekri nan bèl liv
kòb petrocaribe p ap rete nan kès nwa
antrel nan bidjè a pou l kapab sibi pwojè lwa

3 rezolisyon 350 milyon dekese
41 kontra 35 ladann siyen gre a gre
6 lòt yo te siyen nan yon ti chanm prese prese
3 konpayi ki gen menm mèt jwenn kontra pou egzekite
konpayi dominiken k la depi 3 mwa (jwenn kontra)
pandan l ta dwe genyen 5 an selon lalwa
konpayi peyi madanm la depi 3 mwa
pandan l ta dwe genyen 5an pou l travay pou leta

kòb petro caribe a se te yon fon
pou devlopman pandansetan l ap fè fon
197 milyon fin fè fon nan yon rezolisyon
kounya 348 milyon fè fon nan 3 rezolisyon

janvye 2010 tout moun sonje tè a tranble
malgre tou ayiti ta pral nan eleksyon danble
preval wè ti jud pap pase, blan an deside martelly
l al dèyè kouvri dèyè l pou nèg yo pa vin mate li

300 mil vi ak kay lajan cirh se sa n anrejistre kòm pèt
pitye pran kè chavez anvan akò bandes deside anile tout dèt

ou p ap ka kite tout kòb saa nan men yon pleziyis
pito w envesti l nan pwojè dixit anacacis
preval pa koute martelly monte kontra majore li chwazi rouzier ki di sa a se vòl mesye

yon nouvo pm monte tonbe denonse mande revoke kontra ak “appel d’offre” tout dwe repanse…
nèg yo di: gad figi gary coni w ap vin pran pòz serye w laa nan mouvman sa a ou pa enkoni

tankou christophe colomb k debake san salvador
antre an sèn mèt laurent”gagót” salvador
rezolisyon k pran son w lo
ak minis lalo chèk glise kou lalo

kote w konn tande nèg ki “clean” konn
ap bay leta bil imite blan clinton
surfacturation commission ceinturon corruption prost-tution petroréalisation

ou pral kreye on konpayi k rele brasekòm
rapid vit m pral fè w jwenn kontra pou 30 milyon
men antre nou ou konnen l ap koute 15 milyon
rès kòb la ou mèt al depoze l sou non jerome

40 milyon pwojè k rete a loral
sa k ateri chak ane se 2 kanaval
lamothe fin trip kounyaa n pral chanje pòl
evans pa t konn kotel ta pral mete kò l

pandan grangou pèp la rive nan yon stad moun pa t ap kwè
yo boule plizyè milyon nan 25 stad moun pa ka wè
anba je n ni yo ni pit-t yo vin rich
manman cheri papa doudou bay piti pa chich

kòb petro caribe se te yon fon
ki te la pou devlopman men li fè fon
878 milyon ki fè fon
yo boule li nan 9 rezolisyon

ils ont remporté le prix vert lavalas te “next”
2 zan siklòn rezolisyon privert enex
gaz petro caribe antre tout 2017
40 jiska 70 goud pou yon dola us

sa a pat “pringtemps arabe” men “l’été haitien”
nou met rezo sosyo yo cho ak yon petrochallenge
poun mande politisyen èske yo se majisyen
pou yo fè disparèt 3 milya san kite “change”

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...