letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de boutèy anlè - k-lib

Loading...

intwo
cl!ck cl!ck yow, 48 bars ankò wi cherie
kolabo recordz
ou konn sa m ap bwè la a : “vas au s-x”

refren
boutèy anlè (xxx)
pase m boutèy la silvouplè pou m chache yon koulè
yon koulè ki pou fè m wè klè pou m bliye tout doulè
sitou lè m anvi pèdi tèt mwen pou m rete dou lè
pwoblèm yo vle mete m atè pou m ka rete anlè

stròf 1
si w pa vle fou nan peyi sa a chache yon boutèy pou w kage
oubyen w chache on plezi seks oubyen zanmi pou w blage
wi m konnen nou bezwen trip men teks k-libr pa ka ge
men mbaw sa pou w danse sak fè son “krunk” m lage
rezon kounya pou de patnè chita ansanm se yon vè
kleren fanm ak biyè fè je ti nèg vire lanvè
kèk grenn diri enpòte nan vant yo pwal touye vè
plis yon viza sifi pou fè l bèbè ou pale bè
politisyen avèk machann kleren se menm
youn bay pawòl youn bay alkòl men efè yo se menm
se fè yon bann moun sou al lage kò yo nan pisin
fè yon bann lò fou bloke lari boule machin
lè kòb machann kleren pwan chè, kounya l pwal fè frechè
lè gwòg tafyatè pwan chè kounya l pwal dòmi sou dechè
ti pèp tou mal nouri, menm lè l bwè fò l al vomi
jiskaske l al mouri, oubyen yo fè l al dòmi

refren
boutèy anlè (xxx)
pase m boutèy la silvouplè pou m chache yon koulè
yon koulè ki pou fè m wè klè pou m bliye tout doulè
sitou lè m anvi pèdi tèt mwen pou m rete dou lè
pwoblèm yo vle mete m atè pou m ka rete anlè

stròf 2
menm si w wè m sou m ap vomi pa panse m gen kolera
se dlo poupou vomi yo di k bay moun yo kolera
men minustah k pote mikwòb la li l toujou kole la
al bwè dlo sikre ak sèl pa vin pete tole la a
gen pwazon pou rat sourit pinèz fomi marengwen
se pa sèlman zam ak kòb mikwòb ka touye ayisyen
pou pwodiksyon agrikòl nan plas traktè yo bann cha
nan kanaval isit se sèlman “wony” yo bay cha
m fenk kare bwè men m pap sou, m vle wè klè menm m pap fou
sil pa sou li sonw sousou, sa k pa di fout se soufnantchou
si yo kwè l te sou lekòl ti joslin tap pwan kanè
si pat gen egzamen kòman w vle pou w jwenn kanè
poutan se mwayenn 10 pou tout eleèv kay “lambert”
yon lekòl ki chaje vis kòman w ta vle pou n pa nan bè
entelektyèl kòsmòbè, swa l avèg ou swa l bèbè
politisyen kounabè ki pwan pèp la pou sòbèbè

refren
boutèy anlè (xxx)
pase m boutèy la silvouplè pou m chache yon koulè
yon koulè ki pou fè m wè klè pou m bliye tout doulè
sitou lè m anvi pèdi tèt mwen pou m rete dou lè
pwoblèm yo vle mete m atè pou m ka rete anlè

stròf 3
depi tafya fin koule, pyès moun pa ka kanpe
tout bèl lide koule sa k pa kilbite dwe tonbe
yo pito militon yo gonfle twòp nan berejèn
yo vle yon militant ki konn kijan pou l bere jèn
kounya m konnen tout lafimen just pa leve pou menm kòz
genyen k pou defann yon kòz, genyen se pou di l pa wòz
genyen k pou ogmante dòz, genyen se zòt kap pwan pòz
genyen k se lafimen bòz, genyen k se pou kreye “buzz”
anpil moun te fè kòb nan 12-01-10 men k pè di sa
300 mil moun te jwe boul sa yo ak vi yo men k pèdi sa
tout moun men nan tèt
men depi se bòlèt ou fè pèt ou pa ka di kèt ni regrèt, ni remèt ou pèdi nèt
men nou twò bèt
ou pa ka fè dèt sou lajan bòlèt pou w rale manchèt lè w pèdi pou w anvi koupe tèt
sispann di n granmoun si n vle yo ban nou diri jan
yo te fè l aprè 12 se yo k pou ban nou dirijan
chay la te sou tèt tonbe sou zepòl se pa wòl mwen men depi m bwè m di pawòl
nèg a kòl pa ta vle n gen kontwòl nan plas lekòl yo ban n alkòl

outro
yo! apa m tande w di entèl pi fò pase m
ou gen lè fou man
ou pa wè kounya a se grenn map achte poum ka sòt
enbesilsilin, kokoratsetamòl, epi tout lòt yo

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...