letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de nan fon lannwit - k-lib mapou

Loading...

nan fon lannwit lyrics
[ 1e vèsè: vanessa jeudi]

sèk la fèmen
wout nou bare
n ap mache dwat men
se nan falèz nou prale
limyè n tenyen
san n ap koule
nan fon lannuit nou reveye
nou wè pòtre n ap efase
n paka kenbe
fò nou kanpe
rele pou vwa nou pran dife
pou eskòt nou yo avanse

[2e vèsè: mawon ann di èzli]

chagren nouris tout lari
l ap nouri kanivo gran ri
l ap kouri plasenntal pouri
lèt kaye boujon l pa grandi
nan bavèt leyèt ki nan malèt pliye
byennèt tounen mal èt kriye

yo pa kenbe do l
je l ouvè l kase lezo
l ap pran kout sizo
pye ouvè l pa sere dlo l
gwo douz anba blouz degize pou ka blo pita l
yo ki ba l kout zegui malman sou tab lopital ki kal
san souri l ap griyеn dan koz sezisman li pa konprann
san sou li l ap pase men kout bistouri fè wout anndan l
lagе l gran chimen sou tèt li yon twòkèt twèl fèt
sou wèl kèt nan tèt li s on bèl bebe k fèk fèt

pou dèt kalkil ak ris pa bezwen kalkilatris
jis konte chak sikatris konstate ki jan ka l tris
chak nòt nan mizik li revele chak kou l pran
twouble nan fon nuit lari rele sekou l pran

[ refren: vanessa jeudi]
ouh
10 lane wout la bout
lanmò bare n nan chak kalfou

[ 3e vèsè: k-lib mapou]

nan kè se plenn tribinal bawon chaje plent
lè se pa bal bandi legal, mizè ak lafen k ap fè fen n
nou fennen, n fini, y ap founi je gade n nan lapenn
lavi ap bay fent nan fon nan nwit zonbi an chat pent

sechrès, dlo je k pou wouze flè yo pa ase pou sèkèy
vil yo sonm kou tonm se dèy, solèy nan somèy
nekropolitisyen biopouvwa ap siyen akò
ak machann lanmò, se atò nanm ap separe ak kò
aprè tranbleman lavi nan dezè leve kanaan
moyiz pa t antre, li fè n travèse yon lamè wouj ak san
kidnaping lespwa lavi fè jenès re ekri egzòd
tchovi k nan jenèz yo konn apokalips avan dezòd

y ap boule kòb 14 timoun nan olokòs
pratik boulòs. kòb petwo dwòg nan ponp ap pran kloròks
n ap fè lanmou ak lanmò je klè depi plis ke 10 zan
yon sistèm manje pwòp prezidan l, sèl lajan patizan l

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...