letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de lanmou nan lapèn - k-lib mapou

Loading...

lanmou nan lapèn lyrics
[refren: wid]
souri sou figi nou s on senp detay
si lanmou pa sifi, m pa wè sa m te dwe bay
m viv avè w pandan n ap soufri anndan an
m renmen w vrèman, men m wè vi m anvan an

[1e vèsè: k-lib mapou]
lè m fenk rankontre w pwomès yo te si bèl
(malgre m pa t fidèl)
batman kè m ak vwa w te zewo desibèl
(m chante k on w toutrèl)
tèt mwen di m non, kè m di m wi, lavi avè w s on kansè
(lanmou sa a ka touye m)
rezon, pasyon, emosyon nan zantray mwen ap jwe konsè

je m tonbe nan je w
depi lè n fenk kòmanse, m konnen l t ap di pou m kite w
lè n fenk demare, lavi te konseye m evite w
ofinal se ou ki rete ak entegritе w
(malgre danje)
volonte k tе fè n plonje
gen lanmou k mande konje
n oblije vin etranje, menm lè santiman yo p ap chanje

nou kite n tounen, nou tounen n kite koz m alèji ak dikte
(baby boo!)
pou tèlman w kite m konnen w konnen m pa ka kite w m adikte
f on jounen nan fant janm ou, epi aswè m ap mouri grangou
nou vin rive nan yon kafou lanmou fè m fou rezon m kagou

[2èm vèsè: k-lib mapou]
ou te solèy lè lide m te tou nwa
konnen w se pa m, san kouwòn mwen s on wa
dousè w pote nan lavi m kite m san vwa
malgre rèv ak pwojè w ret nan tiwa
m dekontwole depi m tande w sonnen
m pran swen kè w, kò w kòm si se te mwen
ou se pi bèl kreyasyon lemond konnen
ekilib mwen se ou tan an sèvi m temwen

avè w s on efè konfeti
m ap goumen ak tèt mwen m nan yon konfizyon
m ap mande si avè w, m g on fiti
si pou pwojè m, ou gen pwovizyon
ou konnen nan ki peyi m soti
deplasman m fèt pou gwo vizyon
menm si w kou on po konfiti
finalman m dwe pran desizyon

(m mande sa m ap fè la!!!)
n ap viv yon lanmou nan lagè
(m mande sa m ap fè la!!!)
m konnen m pa sèl kòk nan gagè w
m fè yon chwa k satisfè ego m, men ki kraze kè m
soufrans nan egal ego, menm si m konnen m fè w pè m

[3è vèsè: wid]
se ou k amoni mwen ak linivè
san melodi w, vi m alanvè
s on lanmou nan lapenn
men san li, mwen pa lwen
pou m voye wòch nan lanmè
m santi dousè lanmou w nan tout sa m manyen
madanm oubyen fanm deyò tit pa di m anyen

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...