letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de graten (kraze bak) - k-lib mapou

Loading...

graten (kraze bak) lyrics
albòm sa a se pou m di sa k ap vini yo, m pa t yon konplis
apre pèn ak moso lajwa nan rap, m pa t janm konn plis
m pral di tout sa m pa t di
tout sa yo pè di, pale nan tèt tèt di
tout punchline pèdi

po klè monte echèl, yon ekonomi kriminèl
si ti nèg nwè vle vann fè, kawotchou ou posede makèt
leta ap kidnape l, an sòtan labank l ap pran yon bal nan tèt
pouvwa politik s on dwòg, depi w pran l ou vin kriyèl

pa gen peyi san boujwa a, men sa k la a yo se machann
se pèpè, pwodwi enpòte ak peyi yo vann
koze koulè a fò n poze l, sa pa vle di nou rasis
si n mòde dwèt k ap ban n manje, se paske l ap fè n lasisin

toutotan gen “deal” anba tab
kondisyon k pa ekitab
ret nan diskou nou tout koupab
pa pran moun onèt ki kapab
pa vote pwojè remakab
lavi n ap ret mare kou krab
dlo ravin bwat chenn p ap potab
menm lè w ta plen l ak akwatab

sosyal tounen biznis sou rezo rekòlte pil kè
plat manje ak labèl palmantè
sèlfi ak kit alimantè
enfliyansè san enfliyans, yon pil ransè
yo pa sensè
pwofil vòlè yo san filtè, nan je nou yo voye yon pil tè
zam enkonpetans ap toujou tire bal koripsyon
g on dosye ki te f on polemik, sou li m pral f on reyaksyon
si entèlektyèlman w gen zewo o kosyan
se sèl nan vòlò w ka fè yon masters a 17an

m t ap tann saa aa
n pran nan krizokal 100 kara
entèlektyèl lespri boulos, tèt sankara
m ap f on rap ilegal ki letal
bandi ki legal ak metal
atis jere bal li kè kal
polis vide bal pou leta l

politik pa batay pwojè ni lide men lidè
tiyè gangstè ap fè imanitè libelibè
nan fant dan dirijan w ap jwenn moso vyann moun
repiblik mò vivan devan lamò nou pa youn

g on bann defile k defile, sanite belè yo boule
on bann kapwa van lanmò fè tonbe sou chwa l, men k releve
g on desalin site solèy k ap travèse rio grande
move lide sèl kòk chante, l nòmal pou tèt ti nèg vire

m wè machin 100mil dola kou mouch k ap woule sou fatra
klas mwayèn al nan waf mayami, al ranmase fatra
pou l vin vann ayiti pou nèf, pou l mouri sou pil fatra
politisyen pil fat rat se sa k politik fatra
m ap lage san pran souf
m pa militan nan bouch
m pa tankou rapè angaje nan booth
kilti a n ap bay pouch
ak atizay sou do m pot tray
m pa gen gwo pòtray
ni m pa konn plis bag-y sou ayiti k on machann sou pòtay

sa a s on rap kont atak tak o tak
full kontak, wi m nan kont ak
tout baka politik ak manda “back to back”
enstitisyon pak an pak, sèvis leta k pa gen plak
fè “green back” bann kraze bak
pran n pou makak, yo p ap fè bak

nan bay amerik latin pwofesyonèl pou mèsenè
m t ap di chwazi bon sib, si m te ka pale ak bandi
si ayisyen se pèleren, 5 ret yon chif mistè
phtk bay phtk pran ke non li modi

kòman w vle m sispann rap lè pwoblèm sa yo anba je m
silans kèk frè fè m anraje m oblije angaje m
“l’artiste ne naît pas cocorat, il le devient”
menm jan depi lè m konnen m pral nan lanfè m sispann kretyen
si m te ka di yo priyè chat ak rat pa ka al menm kote
loksidan ap eksplwate w, avè l w ap priye menm bondye
tankou miki pèdi 2 kay pou taks etazini
5 an ayiti l bati youn pou 9 milyon bank ba l kredi

pou mizik sa kèk moun pra l di m chache yon kote m grate
m ap grate kote pa grate m
m so n graten hip hop gate
si w ap tande m an 2050 a 40 an konnen w lwen
w a va konnen ayiti 2021

[pon (chit)]
se te penn ak kè sere
plenn nan kè se vre
jenn k ap gaspiye
ren manman k mare

outro
w a va konnen
plis ke 10 zan depi tranbleman yon gwoup nèg ak konplisite entènasyonal kenbe yon peyi nan gòj
vòlè, souse, kraze, piye, bwè, fimen
pandan peyi a depafini, sa k pa mouri ap pati oubyen tounen bandi ak yon graten lòt k ap fè rezistans ak yon kraze bak

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...