letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de fake siksè - k-lib mapou

Loading...

fake siksè lyrics
hook
siksè rapè chantè fake
respè frechè gangstè fake

[1e vèsè: k-lib mapou]
gen atis angaje atis nan raje atis aktivis
atis anraje sa k ap degaje atis ak ti vis
lòt la di w atis pa gen kan, wi se vre son w valè nasyonal
men l bliye di w tou yo pa gen kran, pou di yo gen chèk palè nasyonal

on mache pòv, pou kèk atis bezwen rich
pi fò pran yon ti chimen kout
sa k pè jouman pòv, ap mache ak yon ti krich
siksè w mande byennèt nou tout
son w politik lè atis di w li pa nan politik
san etik enfliyanse fanatik, pou foli tit san pwogram politik

(“kite peyi m mache!” fè hit nan mande)
rap an degraba depi lè mateli mouchwa nwa (tapajè nan kanson) konpa ret anba ti vant
rebèl nan kilòt tout pwan ti koulwa
yo bliye jan lavalas te derasinen kanpèch inonde rèv koudjay ak tokay
manzè vann phtk eksperyans boukmann pou l peyе lekòl pitay

toutotan konsomatè pa gen revni
envantè vi ap toujou san avni
si n pa batay pou chanjе lavi
ayiti diferan w lan sendomeng miami
pa gen bras fòk nou anba je
plede fè tikomik sou instagram
louwe krisla nan vilaj de dye
sèl djòb atis yo se jwe pwogram
hook
siksè rapè chantè fake
respè frèchè gangstè fake
fè hit! nan mande

[2èm vèsè: k-lib mapou]
voici le rappeur parfait
zafè w si w kwè m vin pou lapè
m konnen w pra l mande m konbyen pa m fè
domaj m pa t janm ret atè

m pa p chèche beef ak on nèg k ap defann 2 gouden son w sistèm m ap bay frap
kou mc laloz paske l fin fon w “three some” sa fè l pran tèt li pou yon lejann nan rap

pa gen atis ki ka pran retrèt
sa n te kwè se pa t pèp nou trèt
nou lèd e nou bèt
pa gen anpil atis tankou m ki pa gen baboukèt

ti boujwa m pa t janm nan niche bouda
ni m pa janm nan fè sousou kandida
ni m pa janm nan vòlè lajan leta
tan pou m pèdi kredibilite m mwen te pito pa la

menm ak yon gwo bizinis glas ou pa anyen nan lanfè
si yo ta kraze tout glas w ap wè ou pa yon afè
(poutan m p ap mennen non)
toutan m pa ka peye yon lwaye tankou rony celestin
pou m ap louwe non bondye nan yon gwo pòch kayèn tankou frè muscadin
men sa pa p janm ka rive, m pa gen menm adn ak pyè mathias
ak yon fant zòtèy m pito rete
m pa p mete rès soulye pye mayas
al di pastè w la l te ba w manti
paske nou tout pral nan paradi
vòlè kretyen dilè kadejakè bandi
al mande pastè armel si m manti

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...