letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de pwoblèm jèn yo - izolan bc

Loading...

[refrain by doggy] 2x
sa se pwoblèm tout jèn an ayiti
menm lè nou gen 30 an sou kont paran
leve nan maten nou pa ka manje
tout tan fanmi nou pa monte chodyè

[verse 1]
istwa tout jèn an ayiti -n-lize l w ap wè l grav
ou mèt fin fè etid ou pou w ka fonksyone fòk ou brav
toutlasentjounen moun ap plenyen yo nan grangou sa s on dram
si w pa yon nèg ki gen bon jan nen nan figi ou w ap pran zam
mwen konn yon nèg ki rele pyè richa
lè manman l pa fè transfè a li tounen rechinya
ou wè de nèg mwen ap pale a kounya li gen 30 an
a laj sa n sou kont paran n jèn nan malad bezwen tretman
ou fin granmoun lè pou manje yo di w fò w graje kokoye
pou w gad tele andan salon an fò w pase twal mouye
menm lè w fache w paka nève aswè a kote w pwal dòmi
chofe do kay bò kot vwazin nan sanblе pwal gen lapli ahhh

[refrain]

[verse 2]
yo meprize nou nan on kwеn pwoblèm sa li lè pou l fini
lè nou brase n pa jwenn anyen n oblije tounen malfini
rèv tout ti jèn menm jan avè m pa ka tann kilè pou n djobe
si pa g on moun ki di yon mo nou tout gèlè ap mouri tb
lè m desann nan ri channmas m renmen wè jan nèg y ap brase
si peyi a te ankadre kay nèg sa yo t ap plen papye
yo imilye n yo maltrete n yo di jenès la san avni
e lè nou dread jan n abiye yo arete n sa se abi
sh-t yo fè n abi
si w wè m ap […] ankadreman
pou sèvis mwen bay peyi a ak tout sa mwen jwen jouman
m ap kontinye mwen pap lache mwen fèk kare
fas a fas jèn nan mande fòk gen chanjman
[refrain]
sa fè lèd lè w wè w granmou ou wè moun ap joure w visye
se paske andedan kay la w poko janm voye mize
depi w pale yo di w pe bouch ou al chita vye parese
yo pa konprann si se peyi k pa ba w mwayen fonksyone
menm lè w anvi bezw on travay yo pwal mande pou signati w
gen lòt kote w ap jwen travay fò w y asepte yo kowonpi w
toujou santi nou nan soufrans paske n ap viv ak kè sote
pi gwo kwayans ka bay jèn nan gade syèl la di gen bondye

[doggy]
si peyi m te gen travay sekirite
anpil jèn nou yo pa ba w manti pa t ap rive echwe
tap gen mwens mizè mwens doulè
mwens tristès mwens perèz
pou tout ayisyen te ka viv tankou frè ak sè vre yeahhhh

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...