letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de gadavou - izolan bc

Loading...

pawòl rapè k egri se:”yo te la anvan”
yo pa janm ka fè yon hit yo pa vle mete tèt ansanm
fè grafiti poupou na mi sa pa vle di ke w popilè
menm jan ak chalè repiblik si w di sa ou merite kout lè
m se yon lidè m pa woulibè
aksyon m nan game nan fè n bèbè
m pap kite sipèsta pran tèt mwen pou m ta di m se mwen k meyè
mwen siyen non m nan premye paj la
dòz rap mwen vin pi sovaj la
ou pa renmen m sa se domaj pou ayisyen mwen s on fomaj
izolan nan game nan m pap janm anba label
mwen pat janm fè sousou pou m te ka pran grad jeneral
tout ti egri k ap radote yo yo toujou dèyè do m
nenpòt kote k gen rap kreyòl ou konnen fòk ou nonmеn non m

[refrain] 2x
sou pa gadavou sou sou pa gadavou(ti solda)
sou pa gadavou sou sou pa gadavou(nou bèbè)
sou w pa gadavou ti sòlda w ap toujou anba je
sou w pa gadavou ti sòlda w ap toujou anba je

[2eme verse]
pou manman m mwеn s on soufrans li pat vle mouvman pou mwen
pou blòk mwen m son delivrans tout espwa yo se sou mwen
ameriken gen rapè pa yo pou yo menm se ble e wouj yo
lè n pa tande m genyen k malad yo pa vle pou hip hop la dead
filozofi mwen nan game nan fò rapè apran apresye
choute sou youn choute sou lòt lè n wè sak bon an respekte
genyen ladan yo ki djòlè yo di se yo menm ki the best
lè w f on travay ansanm avè yo ou wè talan yo chaje mès
[refrain] 2x
rapè ki egri k choute sou mwen m konn ki rezon
se paske yo wè nan game nan kounya m pran lòt dimansyon
m kanpe tòf m kanpe w ap di charabya w close the mouth
e lè mizik mwen nan lari se mwen ki on se mwen ki off
mwen chanje rap biznis la mwen vin fè li alamòd
premye atis nan rap kreyòl sponsor mete l sou billboard
e gen lòt ki egoyis lè yo wè sa yo al chire l
ti rapè k san konesans yo mesye mouvman sa pa bèl
mwen pap tounen nan benyen chen an
kounya m ap gade elefan
ak fòs mwen m ap pike devan
nan kè m se rap kreyòl tout tan
mwen pran san mwen mwen pran tan mwen
mwen bay tout nan m mwen pou rap
e si yon moun ta vin devye mwen kraze règ mwen w ap pran frap

[refrain] 2x

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...