letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de ayiti peyi mwen - issa el saieh

Loading...

ayiti peyi mwen lyrics
mwen fèt nan yon bèl ti peyi
ki benyen lanmè dèzantiy
peyi’m sila-a wi, m renmen li
li tèlman dous tèlman trankil
ayiti se konsa rele
li trè joli li trè chaman
yo mèt banm lò mèt banm dyaman
mwen pàp janm kite’l
ayiti ayiti
mwen renmen ou pou tout lavi
ayiti manman cheri
se ladann-w pou mwen mouri
peyi’m sila’a se siwo myèl
li dous pase yon kann kreyòl
pitit’li pa konprann valè’l
paske li pa genyen bon dyòl
men etranje ki apresye’l
depi nan peyi’a la vini
li pa vle pyès pou li kite’l
tank li renmen li
ayiti se yon marabou
ki kapab fè yon nonm vin fou
ayiti se yon milatrès
li konn zye dou li konn karès
ayiti se yon bèl grimèl
ki kapab bay yon nonm frison
ayiti se yon bèl nègès
li met moun nan livrès

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...