letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de sa pa love - enposib

Loading...

sa pa love lyrics
sa pa lov
enposib
mmmh! cheri a
ou te mande pou yon moun ki pou te pran swen ou
ou te mande pou yon moun ki pou pwoteje ou
m t ap toujou la pou ou
mwen t ap goumen pou ou
mwen t ap pran bal pou ou san ezite
mmmh! cheri a
ou pase lanmou anba pye m
ou chire m tank’on papye
depi m pale avè w, ou babye
lè m ba w manje, ou baye
tout sa mwen fè pa janm bon
menm lè w gen tò, m ba w rezon
m ap tou remèt demisyon m
love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye
love, gen de jan l vini, l fò w bliye si w egziste
lovе mwen vle a pa sa
love mwеn vle a pa sa
love mwen vle a pa gen anyen pou wè avèk sa
baby, tande! lavi a pa mande tout sa
ou genlè pa janm reflechi
pa di m ou bliye gen kama
yon jou, w a wè kisa w pedi
sa w voye m al fè la
sa w panse m pral fè la
mwen k panse w t ap pran tan pou w bliye m
men m wè w afiche nèg ou byen serye
kijan m pral di fanmi m yo (kè m kraze?)
m t avè w nan boul figi yo (menm lè yo pat vle)
mezanmi tèt chaje avè w m te vle on bag-y serye
nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm
love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye
love, gen de jan l vini, l fò w bliye si w egziste
love mwen vle a pa sa
love mwen vle a pa sa
si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la
si m pa ka jwenn li jan mwen vle l la
m ap tou bay lanmou legen
oh, oh, oh, oh
oh, oh, oh, oh
sa w voye m al fè la?
sa w panse m pral fè la?
enposib ki la! enposib ki la, yes
oh, oh, oh, oh
oh, oh, oh, oh
sa w voye m al fè la?
sa w panse m pral fè la?
oh, bebe! jou m ap wè nou men nan lanmen
m ap mache sou ou avèk kè plen
m ap f’on ti bo pou ou
ak 32 dan m deyò
m ap bay misye lanmen
epi m tou al lakay mwen
pou m al kriye kou timoun piti
pou m al priye pou m bliye tout souvni
tout fo ti kè kontan
tout fo ti fè lanmou yo
yon jou ma va refè, men m tou bay lanmou legen
oh, oh, oh, oh
oh, oh, oh, oh
sa w voye m al fè la?
sa w panse m pral fè la?
love, love, gen de jan l vini, l fò w bliye kiyès ou ye (kijan m pral di fanmi m yo)
love, love gen de jan l vini fò w bliye si w ekziste (m t avè w nan boul figi yo)
love mwen vle a pa sa
love mwen vle a pa sa
love mwen vle a pa gen anyen pou wè avek sa
kijan m pral di fanmi m yo (kè m kraze?)
m tavè w nan boul figi yo (menm lè yo pat vle)
mezanmi, tèt chaje! avè w m te vle on bag-y serye
nan chache bonè mwen jwenn plis pwoblèm
love, love

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...