letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de ansanm - dwyss

Loading...

kouplè 1 : lynn lyou
trase vèvè, limen bouji
fè simagri nan mitan kafou
rele lespri, boule maji
woule tanbou nan gran lakou
pase nwit ap cheche
nan chak segond ti moso souvni
lè ou te bò kote m
janw te fèm byen
chak lè w souri
konnya lavi potew ale byen lwen
sou chimenm solèy pa leve
lapli pa tonbe, bèl flè pa pouse ankò
pa konn kisa m ta bay pou w retounen
ta remonte letan, mete menm nan menw
poun fè wout la ansanm

kè : lynn lyou, adonaï don fred laguerre
ansanm (2)
ta mete menm nan menw pou n fè wout la ansanm
ansanm (2)
ta mete menm nan menw pou n fè wout la ansanm

kouplè 2 : niko
chache solèy mwen a minwi
chache somèy m paka jwenn li
chase lapenn pou m ka domi
m santi pou mwen bonè kouri

lèm ouvè kèm pou youn antre
li pa jwenn plas paske’w konble l
mond lan pasa n te reve a
avni’m pa sa’w te vle’l ye a
nan pran chache’w genyen’m blese
ak moso kè’m lèm vle kole’l

si nanm ou poko travèse
pran ti pasyans tann mwen souple
temèt lanfè ou paradi ann al ansanm tanpri souple…

kè : lynn lyou, adonaï don fred laguerre
ansanm (2)
ta mete menm nan menw pou n fè wout la ansanm
ansanm (2)
ta mete menm nan menw pou n fè wout la ansanm

pon : fegens
ansanm ak ou peyizanm
kenbe men m kou makout ou
map koutow pou kenbe pou koupe kann ou, menm pou kale tou
ou mèt labou k te te gonmen
map marem tankon sanglye ladanl
fò ta di se pòm nan
tankouw te èv ki vinn ofrim ladanl

se ansanm pou fèm nèg ou, marabou!
pou lakou m ale ak ou
pale ak ou, pa ak kou
menm bò kouw, bò kòt ou
mpap kitew pou kont ou
siw manbo, m bòkò tou
siw mandem poum bò tou
sim mandew pouw banm tou
si m an 2
sim an 2
pouw konnen w son bò tou

kè : lynn lyou, adonaï don fred laguerre
ansanm (2)
ta mete menm nan menw pou n fè wout la ansanm
ansanm (2)
ta mete menm nan menw pou n fè wout la ansanm

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...