letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de m'prale - doremi

Loading...

san fòse

pa ti-pa prèske tout moun fini pa pati

sa′k ale pa marenn men ki pral desann kay tati
lè’l pa johanne se john lè′l pa john se ka katy
sa’k di la pa gen menm men laba l’ap jwenn pa kal-ti
lekòl te fè′n kwè ke′l ka mete’n sou wout siksè
men aprè′n aprann etidye se chemen ki te fè’n suiv swè
sa′k pèsevere ki goumen k’arive jwenn papye′l
aprè se laba’l vize paske sa’l vle a la li wè′l pa pre′l

yo pap kite’l pèse pou sa yo pral pèsekite′l
gwo kè kay pwochen kèt peyi sa menm fòk li prese kite’l
kay vwazen pa lakay se la anpil vle al abite
pou evite abi se la anpil vle al abrite
se yon sistèm ki lakoz pwoblèm konsyans tou ki melanje
lè′w leve kanpe se yon viktim parèy ou ki met danje
chak jou nou gen dlo nan je ke twal espwa pa ka siye
si’m di′w m’prale tou se paske’m se yon viktim ki asire

hmmm yo ale
kote moun ki te leve avè′m yo, yo ale
antreprenè medsen avoka′m yo, yo ale
pwofesè ki te konn di fòk m’ renmen patri′m yo, yo ale
kote tout moun ki te di y ap kenbe fèm yo

gad pwogrè ti pa entèl lan la avan yè la li janbe
li menm ki 2 fwa majè ki la li pa ka bwè yon kola jan’l vle
chak jou l′ap met may yon fason pou’l mete lajan′l pre
nenpòt jan fòk li ale menm si se yon kote syèl la pa janm ble
gen sa k’ap di’l kote′l prale a pa paradi
li di yo′l pito al nan yon lanfè ki gen yon tanperati
k’ap fè′l met bone ak chanday menm lè travay yo pi di
olye li yon kote ki cho sèl ak zam kap friz ou gwo midi
dèyè fwontyè’l vle fè′l, la li vle al akouche
pandan se bò isi ke’l t′ap soufri ake tranche
pa gen fyète bebe’l la sòl la li pa vle li touche
sa biza pou yon moun santi’l pi alèz ak etranje

rete pou′n chanje lakay ak sistèm nan nou ka fight
souvan sa se fraz sa′k gentan go oubyen ki pa ka fly
chak jou nou gen dlo nan je ke twal espwa pa ka siye
si’m di′w m’prale tou se paske′m se yon viktim ki asire

hmmm yo ale
kote moun ki te leve avè’m yo, yo ale
antreprenè medsen avoka′m yo, yo ale
pwofesè ki te konn di fòk m’ renmen patri’m yo, yo ale
kote tout moun ki te di y′ap kenbe fèm yo

de jou an jou sa ap anpire
valè nou yo fin ale
jèn nou yo fin ale
hhssff, bag-y la rèd
rèv pifò ayisyen vin pati
peyi a ap dezète de jou an jou, espwa a pa pre menm non
fòk nou di yon mo nan sa

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...