letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de trèzan - d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
man, kouman pou m di w m grandi
m fè lavi m tounen on fyasko
la m vin rape w sa m pa t janm di w
gad desepsyon an nan je w
26 lane san travay si ou pa ban m m p ap manje
m devye man mwen k te dwe wete w nan salte a
men m fèt 2 pye m kwochi, donk m pa t ka mache dwat
m anchene betiz sou betiz
m pa respekte okenn prensip ou te ban m yo, mwen menm kite legliz
tèt mwen plen très man, m sèl responsab detrès ou m pèdi inosans mwen tout sa nan sèlman trèzan
konbyen fwa m pa reponn apèl ou, nève sou ou
soti granmaten, rantre byen ta tou sou, ou
ki p ap dòmi tout tan m pa rantre
se pa anyen m ap regle, lari a map apante (man)
pou vye rèv pa m yo , m touye rèv ou
e tan an pase pase vit, trèzan tankou trèz jou

[refren]
(man) regrè m yo sal, m pè gad tèt mwen nan glas
la m vin rape w tout sa m pa ka di w anfas (man)
se pa pitit sa ou te reve genyen
m detwi w, tèlman fè w kriye dlo je w ka benyen w (man)
m pa pwomèt ou map sòti, an antadan on lòt nwit blanch, m p ap rantre, priye al dòmi (man)
pandan m ap ekri w sa kè m fann
kouman pou m diw
tout sa m vle se te rann ou fyè fanm

[kouplè 2]
se pa t pou sa w te sakrifye lavi w
pa pou sa yo te konn ap tire anlè tèt ou, boule machandiz ou lavil
se pa pou te wè m ap pase jounen m sou tèt mi
m konprann ou man, ou jis bezwen m fè vi m
men bò isit mizik pa plen vant
m konprann enkyetid ou, anvi w, m konnen byen ou bezwen grann
se vre tout tan m nan studio, men m pa redwi lavi a sa
dèfwa avan m dòmi, m konn panse a nihasah
erè m yo ireparab (man)
m ap eseye refè m ak mizik, onètman m te ka pi mal si se pa t rap
ou fè sakrifis,
m konsyan, m vle remèt ou sa men bwat yo pa enterese a on cv rapè aktivis
ou ap tann lisans, m ap siyen cd
m pa bezwen vin meyè rapè m jis bezwen vin on meyè pitit
m ekri w sa avan pita pi rèd
lapenn pitit vivan pi di ke lapenn pitit ki dead

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...