letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de regrè sal - d-fi powèt revòlte

Loading...

[kouplè 1]
gen konfesyon m vle fè, wont anpare m
men fò m fè vit, lè lanmò ap vin chache m li pa p tèks mwen pou di m pare m
ou m te blese, m konnen se pa on zik k ap repare w
e si m te pran devan ou se te pou defann ou, pa pou te bare w
m pa t dwe betize ak lekòl, esther t ap pi fyè
m te dwe di papa m m renmen l m te kwè m t ap pi fèb

m pa t dwe al nan lari a, m pa wè paradi a
frè m pa gen anyen ki ewoyik nan mouri sou yon pil fratra
m pa t dwe touche yo, sal regrè
e nenpòt sa yo te ka di ou, konnen byen dwòg, alkòl pa remèd
m s on moun, kouraj mwen egal ak lachte m
regrè m yo sal, avan m vwayaje m espere rachte m

[refren]
sampling (jah cure – true reflections)

i swear, i could be a better man
i swear, if only you could understand
the faith in me shall set me free
reflections (reflections)
the faith in me shall set me free reflections

[kouplè 2]
gen kèk etap m pat dwe boule, solisyon an se pa t soule m
si sèlman ou te ka konprann, gen kèk dlo je k pa t dwe koule
gen kèk moun m pa t dwe kwaze
se pa tout bèt ou ka aprivwaze
gen kèk zanmitay ki pa t dwe kraze
gen kèk mo ki make m
yo blese plis pase kouto, gen souvni ki grave
gen kèk moun ki manke m
m pa t dwe fè silans lè yo t ap pile m
m se on konplis, m avwe sa, se mwen k ba yo wòch pou lapide m
kouman pou m di m lib, lè m esklav ti kapris mwen
m satisfè sèlman ego m, sou pretèks sa imen
si m ba ou distans malgre tout sa n pataje
se paske ou riske nwaye si se bò kote m ou ap naje

[refren]
sampling (jah cure – true reflections)

i swear, i could be a better man
i swear, if only you could understand
the faith in me shall set me free
reflections (reflections)
the faith in me shall set me free reflections

[kouplè 3]
man ou te gen rezon, ak siksè m m fouye tonbo m
m pa t dwe pran mikwo a lè m gad konbyen frè k ban m do
m pran kou, m soufri san rele
kouman pou m di ou, youn nan pi gwo regrè m, m pa t gentan fè feat la ak san mele
gen kèk doulè menm tan an pa rive geri
se moral rhod ki sibi tout sa k rive d-fi
m pa t dwe rann kou pou kou
m trayi vizyon m sou lavi a, mwen ki gen pou filozofi ubuntu
m espere gad posterite a nan je
reponn li onètman lè l di d-fi pouki ou touye revòt la nan ze
m s on moun, kouraj mwen egal ak lachte m
regrè m yo sal, tout sa m espere se rachte m

[refren]
sampling (jah cure – true reflections)

i swear, i could be a better man
i swear, if only you could understand
the faith in me shall set me free
reflections (reflections)
the faith in me shall set me free reflections

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...