letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de piblik mwen ki medya m - d-fi powèt revòlte

Loading...

   
[kouplè 1]
vwa a rekonesab se tinèg castro a
pozisyon m pa chanje depi levanjil geto a
m fè pati nèg ki aprann fè lò ak labou
se pou reziste r ki devan rap nou
se kwa m, m asime chwa m yo
pito se prensip mwen yo k touye karyè m, tan pou m fè siksè ak pa yo
m la toujou, paske m p ap koube m douvan tout nòm
si m la toujou, se paske m pa vle soti pou kò m
lè pwopozisyon yo te vini, valè m te kont kondisyon yo
refize siksè a pou ret fidèl ak pozisyon m yo
m rive la san trennen figi
okenn dan pouri pa gen fòs sou mwen dayè karyè m pa fig mi
getoyout brake fizi
la tête haute quoiqu’il arrive
m s on malere k kenbe diyite l, rele m izi
pa konteste siksè m nan
se pa nan bouda on jenn tifi m te foure mikwo m nan, men nan bouda sistèm nan

[refren]
piblik mwen ki medya m, li ki medya m
si ou bezwen m, tcheke m castro pa sou wikipedya
mantalite bwasè nèg, i’m from the hood
san tele san radyo, bidjè zewo goud
piblik mwen ki medya m, li ki medya m
si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya
animatè a k te pretann li konn sò m
di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m

[kouplè 2]
m trase pwòp chimen m, m pa suiv foul
sa k pa t konprann demach atistik mwen te di m fou
on staf amatè, se kgy ki grandi n
ki lè li ye?? se lè on rapè kèlkonk f-ck gandhi
m se on danmijanm ki pa gen bouchon
yo leve m frape m atè bat mwen ak djòl yo men m la toujou ti pouchon
m wè èn nan je frè m, nèg yo sa l non m
d-fi fake, egoyis, d-fi vòlè, d-fi s on sale con
d-fi pran woulib sou batay etidyan
e lè m te di piblik mwen envesti, yo te di m mandyan
m deside vanse san rankin
men pou listwa aprann sa, yo pa janm konstui anyen nan manti
mwen m pou laverite, m pa bezwen gen rezon
kontrèman ak blese yo, dezonè pa gen gerizon
nan levanjil geto a, lè m te di nou pran men m
se pou n te soti ansanm pa pou te rale m dèyè, m renmen nou kanmenm

[refren]
piblik mwen ki medya m, li ki medya m
si ou bezwen m, tcheke m castro pa sou wikipedya
mantalite bwasè nèg, i’m from the hood
san tele san radyo, bidjè zewo goud
piblik mwen ki medya m, li ki medya m
si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya
animatè a k te pretann li konn sò m
di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m

[kouplè 3]
m gen piblik depi rèv ak plim k ap pote m
m ap plase youn pou sa yo k te toujou sipòte m
m se pwofèt nan peyi m, tinèg castro a
crack konbyen fwa n afwonte lanmò nan bouda moto a
apre lari m pa gen lòt bòs
sat anba kenèp, dèlma 33, 30-32 bòlòs
chak geto k akeyi m pase m mikwo pou m leve foul
bèlè, chansrèl, boston, belekou
rap mennen m kote m pa t janm imajine
pòdpè big up vespucci, tout pitit imakile
san pwomotè se fan mwen k jere m gig
senmak,gonayiv,laskawobas, jeremi
san dout gen non m ap bliye
men nou ret grave nan kè m m se reflè limyè nou lè m ap briye
kenpòt si m pa atis k ap mennen an
m fyè, m gen piblik m te toujou reve genyen an
[refren]
piblik mwen ki medya m, li ki medya m
si ou bezwen m, tcheke m castro pa sou wikipedya
mantalite bwasè nèg, i’m from the hood
san tele san radyo, bidjè zewo goud
piblik mwen ki medya m, li ki medya m
si te gen cash m kwè hit lan t ap imedya
animatè a k te pretann li konn sò m
di l djòl mwen pa nan pòch patwon, se piblik mwen ki sponnsò m

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...