letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de m p ap rap - d-fi powèt revòlte

Loading...

[verse 1]
rap mwen se mizè on majorite
k nan pwofi yon minorite
rap mwen kenbe lespri l lib menm si l minote
rap mwen se geriya sou fey blanch
f-ck nasyonzini unies se pa minista k ap ban m lapè m menm 4 fèy planch
rap mwen f-ck game nan lap batay pou l klasik
ki fè m te tounen pran gramè lè wack t ap pran grammy
rap mwen f-ck sistèm nan tan l pran siksè an lap pran sida
m rayi hit depi lè krèk koko vin diva
rap mwen p ap monte li grandi nan on panye krab
nèg gen poul livre l menm jan conzé te bay peralte
rap mwen touche kè
rap mwen ap mouri pòv nèg paske l soti kote santi bon pa koute chè
rap mwen vrè
f-ck teknik, twòp deriv
rap pa m pa chanje paj, rap mwen chanje liv
rap mwen s on kriminèl l asasinen rèv manman m
men l fyè kochon pa t manje santiman l nan nèg bannann

[refren]
se vwa yon reskape bagdad
nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab
jenerasyon envensib, mizik se zam pa m
jou m depoze mikwo m n-gga m ap bay bal
m p ap rap
m ap batay m p ap rap [x8]

[verse 2]
rap mwen s on getoyout ak on toris
kou lamothe li f-ck steph balmyr
kote m soti a pa atire touris
rap mwen f on sèl ak kwabosal
on bèl plim pou ekri vi lèd rap mwen trè paradoksal
rap mwen pèdi tout diyite l sou grandi
fristrasyon gonfle anndan l li eksploze pou dan ri
pa pran l pou sen
rap mwen s on sdf
jou m pale de kay pa m y ap ansasinen m kou ghyto toussaint
rap mwen se reyalite chak katye
popilè di apeid sekèl yo rete kou efè medikaman 4c
rap mwen vyolan paske l grandi nan èn
rap mwen ap viv an gè li pral mouri an pè
rap mwen s on teworis on kamikaz nan mitan bonm
on gèrye ak on plim m g on kalach nan mitan non m
ak sistèm sa rap mwen koupe pon
powèt revòlte n-gga jou w pa koute rap pa m w ap koute plon

[ refren ]
se vwa yon reskape bagdad
nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab
jenerasyon envensib, mizik se zam pa m
jou m depoze mikwo m n-gga m ap bay bal
m p ap rap
m ap batay m p ap rap [ x8 ]
[verse 3]
rap mwen s on bann aderan
k ap batay pou yon vi miyò di yo ba nou bon lekòl si tout fwa w pa vle n gang
rap mwen devwale krim
demokrasi ap maske
dread, etidyan, rapè m s on defo fabrik
rap mwen p ap pete kare si tout fwa bouda l won
se fanm k ap batay pou dwa yo negès mawon
rap mwen se mache an fè
se mache taba
chak lè w boule yo ou boule avni 6 timoun san papa
rap mwen se inosan penitansye
vòlè on pen se kriminèl men vòlè tout on peyi se prezidan l ye
rap mwen gen konviksyon bprad
rap mwen revòlte se ed se jam kenfs
b art
rap mwen pa popilè men l pran pwezisyon
on simidò banm memwa m montre m chimen revolisyon
rap mwen s on bann ewo anonim de zawon a flore sadrack
se ventyèm moun nan foul la k ap kriye dezòm kaka

[ refren ]
se vwa yon reskape bagdad
nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab
jenerasyon envensib, mizik se zam pa m
jou m depoze mikwo m n-gga m ap bay bal
m p ap rap
m ap batay m p ap rap [ x8 ]

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...