letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de apre gè - d-fi powèt revòlte & ken-fs

Loading...

[verse 1:kenfs]
nou te pati kolektif menm vizyon, menm objektif
yea menm rèv, menm ligne, menm moun? non non
men’n te sèvi a menm zam menm projektil
pou ide’n pou rap nou te trè pwotektif
mizik ini’n li divize’n sa pou’n konprann
gen bag-y li kite nan nou ke menm tan paka pran
eksperyans yo pou anpil ni move kou bon tan’n
tounen pou kont ou nan la gè san viktwa sa paka kran
nan rap nou fè afganistan irak nou fe vietnam
dèfwa’n jwenn moun mize sou nou dèfwa e nou’k jwe pa’m
nou pati en koekipye’n tounen frè
aprè gè a nap depoze zam sakap rete se kè
ap gen vi toujou, ap gen lòt pwojè nou met kwè mwen
gen bag-y m pap janm nan yo konfyans nou mèt fè mwen
lè’w byen akonpli on misyon yap rele’w pou on lòt
kite desten fè chwa’l m pat janm reve rapè mwen

[refren]
pandan lòt te pran l pou game nou t ap livre konba
nou jwe vi n a chak so, teke pye n chak fwa n f on pa
nou tonbe n leve nou bay defèt pou fè viktwa
nou pa t pè reve nou reekri listwa n
nou te pati rapè nou fini gèrye
le n te vle lapè yo di n e gè l ye
nou te pati rapè nou fini gèrye
paske aprè gè sa frè m s on lot gè l ye

[verse 2: d-fi]
pataje kè kontan, doulè n, menm kèk rèv
rap pa ret pou tout tan, men zanmitay la etènèl
listwa poko fini nou jis tounen paj la
konstui se byen men pi enpòtan se pwoteje eritaj la
e paske apre gè sa a, ap gen lòt gè
e paske reyalize rèv sa yo ap a mennen lòt rèv
m wete kò m, men m gen plan m
tout sa m espere se rachte m, peye dèt mwen avan lanmò pase men pran m
m dwe viv ak vid papa m pa t gentan viv moman m
kou zile m p ap kite se lakomin ki vin antere manman m
se sa k ban m raj, m pran laj
m t ap travay nan solèy pou m t al manje nan lonbraj
2-3 gout sou beton an pou frè k tonbe
konnen si m echwe sa fini m pa gen plan b
reziste paske se lespwa k mouri an dènye
aprè tou jwenn lapè se pi gwo konba on gèrye

[refren]
pandan lòt te pran l pou game nou t ap livre konba
nou jwe vi n a chak so, teke pye n chak fwa n f on pa
nou tonbe n leve nou bay defèt pou fè viktwa
nou pa t pè reve nou reekri listwa n
nou te pati rapè nou fini gèrye
le n te vle lapè yo di n e gè l ye
nou te pati rapè nou fini gèrye
paske aprè gè sa frè m s on lot gè l ye
[outro]
nou livre konba, sikatris yo ret sou po n
se pou nou avan tou, men gen rèv kèk lòt nou pot sou do n
se pou hannah pou derlie, la fin an poko prè
se pou ide’n pou menm sa mwen avè’n poko frè
pou sa k te pote n nan kè yo, nan kas yo
pou evazyon mizik, powèt revòlte, pou castro
pou taty manotte, chak grenn zantray ki nan fanmi an
abraham, map di pòdpè mèsi pou zanmi an
pou d-fi nation, gras ak nou m ka di m atis
filip, à l’infini, stan nou aprann mwen sa k sakrifis
tout sak tonbe pandan se mwenk te bite
tout frè tout jèm, pou tout pitit imakile
pou posterite a, pou kilti a
pou constant, nitro, pou pasa, pou itiya
se pou l’avni pou tout sakap rete
se pou tout sa nap chwazi kenbe e tout sa nap jete

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...