letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de renonsman - blacka kers

Loading...

renonsman

kouplè 1

se lè m pran yon desizyon
se la m wè se pwen komen ki fè zanmi
move van montre m
ke se pa tout mang ki tonbe ki mi
ou pa ka anpeche pala k moun
men kiyès ki vrè zanmi w
èske se sa ki baw plezi
oubyen sa montre w viv ?
mond lan montre w ke se nòmal
pou w ka fè nenpòt bag-y
m p’ap pale de regrè
m plis pale de eksperyans
ke bondye fè mwen kado
pou m kapab fè yon semans
dèfwa m fè byen
dèfwa m fè mal , èske sa se yon bon sans ?
sa k te konn fè m ri fè m kriye
m sezi wè imou m chanje
pou chanjman w pa bezwen eksperyans
gad frè w la ki tonbe
mwen te aprann padone
men l difisil pou m bliye
dèfwa lè m ap panse ak pase
m konn anvi modifye l
sevre , sourit w entelijan
men pa bliye chat konn chase
yon telefòn toujou enpotan
menm lè l poko chaje
se pou sa m toujou ret tèt frèt
mwen plonje pou doulè manchèt
se pa tout kote k gen rakèt
ou p ap byen pase’w s’on alimèt

refren
nan pakou m
fè byen m fè mal
sa k banm degou se mal
men pafwa tou byen konn mal
mal e grav
mwen wè yon rakousi chanjman
ki mande anpil angajman
èske’m met renonse
ou renonse a renonman (bis)

kouplè 2
mwen bouke renmen
èske lanmou fennen ?
mwen pa genyen sajès
mwen tankou yon moun fou
kiyès ki konnen’m
apa sa k te menmen m
mwen bwè nan koup ògèy
gad kijan mwen vin sou
papa m di m veye m
poutan mwen neglije
yon lòt vle adopte m
pou li fè sa li vle
kounya m vin g-ye
bliye kote m te ye
kounya m ape raple m
sa k te ekri k ap rive m

mwen wè anpil chans
ki sanble ak tantasyon
mwen wè anpil siksè ki fèt abaz koripsyon
chak erè fè m aprann
pou m pa pran nan “pa konprann ”
eksperyans fè m konprann
mwen pa trò gran pou m aprann
mwen lanmò k’ap rann mechan engrat-tid
poutan li bliye tout sèvis li t ap rann li
m tonbe nan tout tenten jis pa abitid
paske depi m piti mwen te zanmi ak tv

refren

nan pakou m
fè byen m fè mal
sa k banm degou se mal
men pafwa tou byen konn mal
mal e trè grav
mwen wè yon rakousi chanjman
ki mande anpil angajman
èske’m met renonse
ou renonse a renonman ( bis)

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...