letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de sakrifis - barikad crew bc

Loading...

sakrifis

refren (2x)
di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l
e noumenm nou fè l. ou avèg? (an!)
pou tann dat n ap bay swè nou
menm lè n ta vle vag, nou te bay swè nou

[brital]
pou talan m ki fè m jwenn moun felisite m
lajan m, san m, tan m se tout sa li koute m
ladan pou yo tande m lè m ap chante reyalite m
mizik sa s on fason pou m di m pap bouke sakrifye m
pou rap, (yeah!) m pap pè afronte danje, konfronte danje
chante tout sak verite
pou rap, (yeah!) kòb lekol la pase, m revann tout sa m achte
pou m fè mesaj mwen pase
m ap goumen pou sa m kwè a (hip hop! hip hop!), pou pwezi m
m pap pè viktim, m riske pèdi vi m
louwanj pou granmèt la k anlè a ki banm konesans
kwayans, entèlijans, sèl li k gen pouvwa sou lespri m
se sa k fè m m pap pèdi kouraj, malgre gen difikilte yo
ki dire gen boykotaj, n ap toujou tande m kap flo
pou rap kreyol pr-n lot paj m prè pou m foure pye m nan dlo
kopyaj, komès kopi paka fè m pa tizè mikro

refren
chak jou n dèyè on mikro n ap pouch, pouch
nou itilize sèvo ke bouch, bouch
pote pou fanatik nou yo e pou tout kouch
verite n ap pot pou yo, menm lè n tonbe anba katouch
(2x)
di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l
e noumenm nou fè l. ou avèg? (an!)
pou tann dat nap bay swè nou
menm lè n ta vle vag nou te bay swè nou

[dade]

premye projè n se te projè project
finansman an se te nou menm, patnè n, blòk la avè n
bay ipap bourad. sou bouch nou, met premye gou a
apre vokal nou lave men avan manje
n pa bliye jou a. kijan l te ye pati nonm band! still do my thing
tizè tatouwe non l sou po pi mal ke wutang clan
kay chak nèg ou komanse jwenn tanperaman atis
kontra siyen, toupatou w wè 2, 3, 4 mil ak plis
se laa, pandan n sou sèn naj yo ap bann vye lòd
menm ti zanmi apre program gen kè yo bann fo kòb (epi n n pa bon non man!)
sakrifis la ap kontinye menm lè nou ap antre nan laj
ayisyen m ye, sa m fè deja rete yon eritaj (ou tande?)
nan geto a m leve, chak jou m wè la se gang
si m pat bandi frè m, dròg la m te ka revann (be real!)
se pa fòt mwen non, depi tou piti (thank u!) bondye lage m ladann
sakrifis sila pa pou vann
refren
chak jou n dèyè on mikro n ap pouch, pouch
nou itilize sèvo ke bouch, bouch
pote pou fanatik nou yo e pou tout kouch
verite n ap pot pou yo, menm le n tonbe anba katouch
(2x)
di m kisa ki plis ke sakrifis isiba egzanp lan ou wè l
e noumenm nou fè l. ou avèg? (an!)
pou tann dat n ap bay swè nou
menm lè n ta bay vag, nou te bay swè nou

[young cliff]
pou mwen pi gwo sakrifis se lè m ap bat nay
nan ekri rhyme, flo ak liriks
se sak fè tout moun konn young cliff
kòm yon alchimis nan rap biznis
m pap di plis ke sa, sitou lè m ap spit peta
w ap deja wè kò mwen se tankou yon gwo biswit leta
si pita pi tris a laj mwen, fò m fè plis
jis pou m evite plis dega
ak dekwa m te ka fè plis ke sa
domaj lavi s on konba, pa lite w m pap f on pa
efo m fè nan bc, nan tv
si w gade w ap wè se mwen k pi piti
sa pa vle di se mwen kpi easy
si w wè n antre nan mizik, nou fè sakrifis
nou pap janm ka fin di w tray nou pase antanke artiste (sa du man !)
se yon gwo biznis chaje mès chaje vis (an-han!)
nou dwe travay pi plis pou rap kreyol tire benefis
[dade]
ou wè group sa? li fèt an bricks
nan mitan l yon brital izolan
toutalantou l: yon k-tafal, young fantom
mak li se master, kontanple paske l se dade la

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...