letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de konplèks - barikad crew bc

Loading...

[refren] [ruthselle & cj]
konplèks
nou kwè bote se grèf oubyen douko
konplèks
siperyorite l baze sou koulè po
konplèks
aksepte kouche l paske l gen bèl oto
konplèks
devalorize l paske l sot nan geto
konplèks
tout moun konplekse tout moun konplekse
nou nan on sosyete ki plen vye mès kache
w pa bezwen vekse verite blese
anpil moun prèske ki pa gen pyès diyite

[fred hype]
eskize n mezanmi pou tout bag-y nou pwal di
verite a on jan di men fò n mete l nan plas li
sa fè ou bay dan di konnеn figi w g on mas pli
pifò moun ap viv nan manti yo fonksyone an katimini
gen sa k ap di w repanti еpoutan pa gen pi santi
sa menm pran pòz li janti
men li rayi menm pwòp san li
li damou l pou konesans li
men l pa marye poutèt ran li
ti jan plis kwè nan gwo zanmi men li pa janm prezante fanmi l
li di w poko gen stati paske w poko janm pati
ou wont di w sot ayiti al akouche etazini
yo kwè tout sa blan di
ou pa wè menm po yo blanchi
si nou vle espri n afranchi g on bann baryè pou nou franchi
[bricks]
m wè de nos jours tout moun gad moun sou aparans
si bon patnè w pa nan on sektè m garanti w yo pap ba w chans
w temèt yon blan yon nwa metis oubyen ras jonn
èske se pa menm san wouj la k ap sikile anba po n
koulè yon moun se pa sa ki defini nivo sèvo l
ekoule yon moun pou orijin li pou yon plas ke l vo
vin fè, tout nèg ki nwè renmen fanm grimèl
e w ap wè tout nèg ki lèd renmen fanm ki bèl
woo fè nèg geto di yo se nèg anlè
yo genlè bliye nou se pousyè n ap fout tounen pousyè
fò w gade l wo gade m ba
e poutan lòt la ap goumen pou moun pa gad anba l

[refrain]

[fantom]
non, li lè pou nou fout sispan ap viv pou moun
sispann gade sou moun
viv odepan de moun
non pa pè di keou se pitit on moun
menm lè l ap travay kay moun nan je li paka gad moun
chak moun nan lavi sa gen yon istwa kache
pa paske l pitit gwo zouzoun pou w dakò nan figi w pou l krache
konplèks pou ou chase
gen tès nan vi a pou w pase
gen moun pou l detounen w li fè w tout bag-y ki ka fè w fwase
m konn yon nèg ki g on menaj se kay patnè l li resevwa l
m konn yon lòt sou tèt rezon l chèf ba l kalòt li bese vwa l
fo pretèks ka vinn konplekse w
yon vye echèk ki la pou strese w
yo ta renmen pou w toujou bese je w
[brital]
nan vi a pat gen prejije kounya tout moun vin konplike
[…]
sa k ap chanje koulè po
pran pòz pi siperyè yo
w pa menm ka di w se ayisyen lè w fin janbe frontyè
ou pap kenbe tande w pito w mache sou ranblè
tout sa moun ap di pa bon pou ou se ou k pi konesè
w ap bay kout lang sou moun paske w bezwen milyonè
nou youn pa plis ke lòt
an pa minimize youn lòt
lè w twò konnen w vin sòt
konplèks ka fè w tripòt
s on viris san antidòt
s on vye vis pou blow lòt moun
mind nou boule si w pa posede ou panse w pa vo k on lòt
s on vye jès move mès
s on vye pyès kot sajès

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...