letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de jwi lavi w - barikad crew bc

Loading...

jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
bouske lavi dè fwa tou konn detwi lavi
ou wè jou w viv yo ou pa konn kilè w ap mouri
koz vi a kout kon bout jip fanm
e l dous dous tankou on bout kann

[dejavoo]
in the bible says pa g anyen k ap rete tou bag-y gen pou pase
pouki ou tiye tèt ou s on lachte
si lavi a te g on pri malere k pa tap achte
check this liriks m vin krache
m garanti ou tande mwen ou kapab di m sa vre
pa bò isit tout depòte pè krim rache
m konn mezi pye m m konn reziye m m pap janm vin lach e
à mon avis si kris te bay souf la avi
lèzòm t ap fè twòp chèlbè djòlè ak vizaj yo ravi
men l met lanmò trè frekan ak lizaj radi
what goes up must come down se l ak lanfè ak paradi
jwi lavi w frè m ça faut que tu le saches
ou mèt yon ouvriye medesen alevwa pou yon machan pistache
m pa kwè nan sa gen ran sosyal ki dire klas
men talè kontra w bout misye lanmò baw yon ti pas kout

[refrain]
jwi lavi w frè m tout tan w ka viv
bouske lavi dèfwa tou konn detwi lavi
wè jou w viv yo ou pa konn ki jou w ap mouri
koz vi a kout tankou on bout jip fanm
e l dous dous tankou on bout kann
[fantom]
chak moun g on fason pou yo konsevwa lavi
yo ka gen menm pòt antre jamè yo pap gen menm pòt sòti
sinon pa t ap gen sezon sechrès ni sezon lapli
nou pa t ap konn kote w pwale si w pat konn kote w sòti
chak jou ta dwe fèt pou ou
anyen pa dwe frèt pou ou
desepsyon, eksepsyon kout baton pa defèt pou ou
mwen gen 25 m pa konn si m ap wè 26 an
toutfwa m ta wè l m ret kwè l pap rete pou tout tan

[dade]
se gade w wè w sou on kaban on dal moun kanpe devan w
y ap priye pou je w louvri kèt! se sa pi fò tout ap tann
pou yo di ou kenbe di k entèl patka vini
30 dola sa dread w oblije pote l pou li
lè w vin jwen konesans ou wè w pèdi on manb kèlkonk
moralman ou pèdi manman w pandan se li ki sou sèn nan
poze kesyon pouki malè pat avèti n
menm jan tout tan yo di l fòk nou ka sispann bati bò ravin

[refrain] 2x

[izolan]
chak fwa m ap trip m pa janm panse ak lanmò
e lè m kwaze on antèman m etone kè m bat fò
life la baw tan pou w brase
se pou lè pye w glise
pou w prepare pou w tonbe
di ak frè m di ak sè m lavi se yon defi
kit se zanmi m kit se fanmi m piga w kouri sou li
pa gen anyen ki piti si lanwit te easy
pa gen moun ki t ap janm fèmen pòt pou li
[brital]
lavi a dwòl li di nou tout fini pa viv li kanmenm
des jours w kontan konsa tou des jours ou ka wè w vini blèm
se sans li boss tout sa m ap di w rete fèm
branche pou w rete se moun k ap batay ki viv
ou ka chwazi kòman w vle viv men jamè kòman w vle leave
yo chwazi manje diri men jamè manje mayi ak viv
si w gen le chwa m pa wè rezon pou w ap konplekse lavi
menm lè touman w anpil ak sa w genyen pa janm bouke jwi l

[refrain] 3x

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...