letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de nou paka ansanm - troubleboy hitmaker

Loading...

antouraj ou di m m son ti frekan
ou sot nan on klas sosyal diferan
sa pa anpeche nou fè dife pran
sitou lè w avè m map ouvè kò m tankou on ti pedan
cheri ou fè m vin romantik
ou fè m santi m byen m paka ba w manti
ou wè avè m ou pa gen avni
ou gentan ranplase m ak on lòt san ou pa mande m avi m
cheri w son fanm marye
mwen son varye se wonn nan m te vin gaye
mwen pat vin pou m rete
m toujou di fò m remèt chak fwa m prete
se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm
se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm
mwen te fin abitye mwen te menm adikte
men se domaj ke nou pap ka soude
mwen son fanm marye mari m dwe respekte
se mwen sosyete a gen pou l kondane
mwen yap kondane
mwen yap imilye
yo pap aksepte paske se fanm mwen ye
w konn jan sa ye jan yo konn jije m
tanpri ann kanpe cheri m pap kontinye
non nou pap ka ansanm se vre ou nan san m
m ta vle n ansanm men fòk mwen pran san m
se on ti moman nou de te aksepte
se on kont defe ki pa reyalite
se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm
se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm
renmen sonje w sa deranje kwè mwen si ou vle
se ou ke mwen te vle menm si sa pat ka mache
mwen sonje w tou
m pa baw manti m kwè nan nou m kwè nan lanmou
m pa konn pouki nou pa ansanm ankò
m te sou fè bagay serye men ou potko pare
se jwe ke w te vle jwe e laj ki tap monte
don’t hate the player hate the game
menm si nou pa ansanm love la still ret the same
le n kwaze nan lari n ava souri
na sonje n te genyen yon love story
wa va yon bèl souvni, yon kado k pap louvri
na va kontinye viv lavi n men cheri
se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm
se pa vle m pa vle avè w
se pa renmen ke mwen pa renmen w
cheri n pa ka ansanm
cheri n pa ka ansanm

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...