
letra de pou nanm brize menm jan avè m yo - opak mng
mwen m chwazi pale blesi nanm kote yo wè sa ridikil
di moun k ap tande m pran swen mantal li otan de fizik li
nan met limyè sou blesi m yo
konbyen frè sè ki konfye m ke mizik mwen an jis mete mo sou resi l yo
donk m se reprezantan on jerenasyon ki konprann ke
sa yo di l la se pa vre sansibilite pa feblès
m se reprezantan on bann moun ak lavi konplike
anfouraye tankou koli pèdi yo voye pa fedex
m te bay tout bag-y vag pou m tante briye ou boule
navige sou on rèv rapè ki te gen plis chans pou l koule
donk m se reprezantan on jeresayon k ap kreye
ki jwenn dlo pou awoze desten l sèlman lè l ap kriye
sa e pou sa abis nan vi yo atenn apojel
pou sa k ap vann kè kontan men k ap touche a dlo je l
pou sa k nan mitan kakofoni ap mennen konba an silans
pou sa fènwa ap koutize tankou pou yo l gen atirans
sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
pou nanm brize menm jan avè m yo
sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
pou nanm brize menm jan avè m yo
m te pwomèt karyè m 4 lane m kenbe pwomès mwen
4 lane depi fè pwezi e komès mwen
alabaz plan e te vin avoka oubyen sikològ
men lè mank mwayen frape pòt opòtinite l pito lòk
donk m se reprezantan tout sa k ap goumen pou sa l kwè
tout sa k kenbe limyè l menm lè dezespwa ap goumen pou sal kè l
m se reprezantan san adrès yo
sa k ap ofri lòt frechè menm lè vi pa yo konparab a byè cho
sa e pou sa k biza yo sa pèsòn pa konprann yo
sa k chwazi ret yo menm pou pèsòn pa konfonn yo
sa e pou sa k pèdi yo nan chache tèt yo
pou sa k ap konsève lapè ak lòt nan klache tèt
m toujou bay tout mwen nan chak tèks nan chak mo chak konsè
toujou g on mon istwa m k ap trennen nan chak konsèy
donk sa e pou tout sa k ap tante ofri mye ke sa yo jwenn
pou sa k ap bay lòt tout yo menm pandan se sèl sa yo gen
sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
pou nanm brize menm jan avè m yo
sa e pou nanm brize menm jan avè m yo
pou nanm brize menm jan avè m yo
letras aleatórias
- letra de not that way at all (1993 stereo remix) - the hollies
- letra de 내가 너무 아파 (i'm in pain) - t-ara (korean)
- letra de prty n blsht - tiron & ayomari
- letra de rush the club - jamie kennedy
- letra de avec toi - kendji girac
- letra de solteirô - atitude 67
- letra de hey lupe - lupe fiasco
- letra de intro (internal affairs) - pharoahe monch
- letra de can't sell dope forever - dead prez & outlawz
- letra de birthday freestyle - waka flocka flame