letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de presyon sosyal - malcolm ayiti

Loading...

pou m jwen ekilib anndan m ant byen ak mal ki abite m nan, demon m ede m sipote kilpabilite imanite m nan
si m kalifye m gran se pou m rejete yon lòt
kote m paka bay tè mwen rezon m deklete yon pòt ki louvri sou tò m genyen lè m ap poze tet mw kesyon
vrè fòs vital kè k ap soufri a pa p louvri l bay vye presyon
y ap di w poko vi si w fè fo pa ou poko ka
m ap diw tout fot yo rich si w poko bif tèt ou li poko ta

pour qui ? pour quoi ? comment ? sa mande refleksyon
moun viv pou chak moman ki ka sanble depresyon
s on desizyon pou moun ou ye a pran a tout eta konsyans
fwi trayizon an se regrè menm konfyans gen konsеkans
ensten pou siviv s on santiman moun tankou defans ak bèt
anvrè m konprann yon fwa pou tout mefyans pa trèt
pandan n ap soulajе ego n, n ap ankouraje defo n
koulè solitid kache doulè kòlè kote tout raj moun se eko n

konbyen nan nou k brize sou presyon sosyal ?
etikèt se pwa senkant
strès. huuum !
laj k ap monte
pa mande m kilè m ap fonde fwaye

potansyèl nou ap balanse sou kòd lamoral
souvan nou vle gwo, men nou reziyen n a ti kal
konbyen nan nou ki brize ?
konbyen rèv ki plonje ?
kè nou tout ap sote, sou presyon sosyal
chak moun gen verite yo, nou chak s on demon nan on istwa
nou chak ap trennen pèn nou ak on pil espwa nan on tiwa
sou wout vin miyò a, gen tout kou n rate yo
gen desepsyon ak mil rezon pou n sispann kwè kou ate yo

gen sa n paka eksplike se paske pèsòn pa p konprann
n ap viv ak on minimòm anpriz sou lavi n, e anpil fwa n konfonn
konbyen fwa n panse n pa gen chwa ?
anh ! men panse sa se chwazi pa chwazi ak chak fwa

nou responsab tout sa k rive n men l difisil pou n aksepte l
e paske sa peze lou fòk nou jwenn on lòt pou n bay pote
fò n jwenn on branch pou n akwoche
lè ego n pa jwenn rezon l, kilpabilite n se sa n pi byen pataje
sou pwa valè ki pa menm pa n, imaj nou n dwe byen lave
s on kolektivite k chaje vis k ap kontwole n pou sanksyone n
konbyen fwa nou vle sove n ?
konbyen fwa nou pè oze sa n santi k jis, paske on lòt pa p valide n ?

konbyen nan nou k brize sou presyon sosyal ?
etikèt se pwa senkant
strès. huuum !
laj k ap monte
pa mande m kilè m ap fonde fwaye

potansyèl nou ap balanse sou kòd lamoral
souvan nou vle gwo, men nou reziyen n a ti kal
konbyen nan nou ki brize ?
konbyen rèv ki plonje ?
kè nou tout ap sote, sou presyon sosyal

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...