letra de bèlte - malada
jan m rap nan lang nan
sa k pa konprann a mande soutit
vwa m nan kanton an
gen sa k kontan
ki tande m sou bit
m son flanm ki limen
m s on imen
men m si m gen sousi
pa mande m pouki
depi se hip hop m ap fè l pou li
m k pran tan
pou m pot nouvèl
se pa parès
m kanpe djanm
jan nou wè la
direksyon m pran an fas a lès
yes
1 2
12
tès tès
flo a gen grès
genm nan kwense
pa gen kote
m pa ka fit
flo m yo twò pwès
yes
ou ka fò tou
men gen jwè k la w fè w pa ka bès
ak 2 3 verse m ka fè
menm nan zòn konfò w
ou malalèz
men m prefere
rape imaj pou m desinen
on palèt mo k gen tout koulè
e tout moun wè
sa se stil mwen
m pa vle fè sa lòt yo fè
enspirasyon m yo soti lwen
menm si rezilta a pot lòt fwi
se menm sеmans lan m resimen
m s on sepisimеnn
ki ra
la
pa gen lazy menm menm
tout tizè yo renmen m
m kite vayb la mennen m
lòt enèji (sh-t)
beat la pot filing pa l
mwen m kanpe rèd
m ap jwi
tankou m g on ògas lirikal
nèg kwè m p ap fini mal
pou tèks s on dividal
boom bap plis malad nego
egal bonm mizikal
yon nèg trè pozitif
k ap viv lavi l nan fason pa l
chak jou k ap travay kif kif
pou l ka gen byen
san l pa nan mal
fèmen kò nou nan nich nou
evite vye skandal
ak plan legal
toujou total
n ap ret bosal kou makandal
kou tizplim
jwe ak mo
m retire youn e 10 parèt
m f on lis mo se fo zanmi
kote sans commun disparèt
anfèt
sa ret yon dèt anvè tèt mwen pou m ret onèt
m ap pote chay mwen se zepòl mwen
mizik se epolèt
mwen m s on sòlda
m pa t janm nan fasilite
se te toujou moute desann
pa t janm g on stabilite
lavi temwen janm ap vanse
prèsk a chak pa m kilbite
li fè m pran matirite
pandan l ap matirize m
m te tou solid sot an pwovens
toun on bout fè nan pòtoprens
yon biswit leta nan plenn
nan
on layann king nan jeng lan
n ap rete djougan
n p ap bay zannana pou sizàn
nou g on diven k ap fèmante
nou met albòm nan tiwàn
marye l ak elegans
n ap fè travay la kou zidane
m jwenn sekrè a nan
kreyòl fanm san parèy kou tifàn
d-mn!
pa dat m tonbe damou
monchè m pa ka ba w manti
depi lè m fin fè konesans
m pa ka viv san li
depi nesans mwen
li k esans mwen
se li k kenbe m anvi
ou te mèt tande bandi
fanm nan fè tout nèg janti
li f on sèl ak nati a
black queen latifa
l ap vini ti pa tipa
ba l kouwòn li nan
lè l chita
letras aleatórias
- letra de electra heart (betatraxx remix) - marina
- letra de мой дом (my house) - saya musa
- letra de la tremolina - alejandro duran
- letra de frozen embrace - lailah dean
- letra de crème brulée - david archuleta
- letra de murphy's gesetz - *maliiik
- letra de rastafari - flockaa
- letra de euphoria - nke tripp
- letra de will you be satisfied that way - carl smith
- letra de isabel palacios - enigma norteño