
letra de lajan sere - klass
lajan sere (lyrics/pawol)
lajan sere
music, lyrics, arr. by dener ceide
mwen louvri yon paj nan liv sakre w la
pa ka fèmen l pakse m wè twòp deja
se nou ki konn sa n pral fè ak sa (sa n pral fè ak sa)
mwen gentan anpwazonnen
tout san mwen kontamine
ou gentan wè sak rive
ou di pouki se ou k tonbe anba
an plis ou di m lavi m chaje avèk dram
men lè n fè lanmou, ou di m li toujou gou (li toujou gou doudou)
gen lontan m pa enpresyone
li pa fasil pou kè m kase
w annik vini, ou tounen nesesite
cheri w se tout sa m t ap chèche
tout sa m te manke
yon priyè ki egzose
ou tankou yon lajan k sere
ke m te m fin bliye
sanzatann m al twouve
cheri w se tout sa m t ap chèche
tout sa m te manke
yon priyè ki egzose
ou tankou yon lajan sere
ke m te m fin bliye
sanzatann m al twouve
nou pa gen anpil tan
poutan se kòmsi n te ansanm tout tan
nou youn toujou ka fè kè lòt kontan
se sak fè aprezan li pa deranje m lè yo di m twò inosan
sè l mwen ki konn pou ki rezon
cheri w se tout sa m t ap chèche
tout sa m te manke
yon priyè ki egzose
ou tankou yon lajan sere
ke m te m fin bliye
sanzatann m al twouve
si w wè m ap bat kò m devan w
si tout fwa w wè m aji kon ti pantan
li pa nan tanperaman m pou m fè pedan
m pa fè pwomès tout tan
men tan m avèk tan w vo plis ke dyaman baby
mwen ak ou fè lesyèl kontan woy
oh oh! oh! oh oh! oh!
ohohohohhh! ohohohohhh!
oh oh! oh! oh oh! oh!
ohohohohhh! ohohohohhh!
men sa son ben lanmou!
cheri kenbe m! kenbe m! kenbe m!
ti monarch ou wè!
wo…! wo…!
kl-ss it is baby! yes it is baby!
letras aleatórias
- letra de clase g (part. cashmoneyap) - rels b
- letra de droga do przyszłości - bcl
- letra de elephant in the room - troll teeth
- letra de white & dark - adefemzo
- letra de silêncio do meu quarto - yung lixo
- letra de freestyle bowser - daar inc.
- letra de скучаю (miss) - грушевый сидр (grushevy sidr)
- letra de motorola phonk 99' - sinizter
- letra de success - lino voltage
- letra de tìm dâu cho mẹ - hoàng minh