letra de pouki - kadda sheekoff
ou konnen jan’m renmen ou
jan map fou pou ou
ou pran plezi nan fè’m soufri
cheri, pouki? (2x)
m’konn al lekòl la tou fache
elèv yo di kadda sheekoff, sak pase?
m’di depi’m pa wè’w m’pap pale
absans ou fè’m toumante
devwa konn sou tablo a m’paka kopye
poutèt ou pa la, m’santi’m boulvèse
ou konn antre nan sal la
mwen di’w bonjou, epi ou meprize mwen
ou konnen jan’m renmen ou
jan map fou pou ou
ou pran plezi nan fè’m soufri
cheri, pouki? (2x)
pandye’m tèt anba
cheri pann mwen
al kay djab avè’m
ou mèt vann mwen
mwen se vyann
ou se kouto’m
ou mèt fann mwen
m’se magi nan sòs
ou se pwatann mwen
ou se zòrye ak dra
ki sou kabann mwen
ou se lwil koulèv
ki banm bann mwen
lè batri’w dichaj
konekte’l nan fant janm mwen
se pa’w mwen ye
cheri mwen vle pou’w fanm mwen
ou konnen jan’m renmen ou
jan map fou pou ou
ou pran plezi nan fè’m soufri
cheri, pouki? (2x)
cheri kote’w vle a, mwen pwale
ou mèt fèm mache san destinasyon
m’tankou yon machinn
ki pa gen stasyòn
se ou map tann ki pou banm direksyon (2x)
ou konnen jan’m renmen ou
jan map fou pou ou
ou pran plezi nan fè’m soufri
cheri, pouki? (4x)
letras aleatórias
- letra de further from the few - finch
- letra de i think i'm swipa - swipa
- letra de c'que j'veux - caballero
- letra de liberté provisoire - lacrim
- letra de crystal ball - nate
- letra de serenity spa music relaxation - serenity spa music relaxation
- letra de 24/7=heaven - bts
- letra de up to you - andrew luce & graves
- letra de no more parties in la (dorian_ye version) - dorian_ye
- letra de i tried (rebel regime mixtape version) - davy dacy