
letra de bouske solèy - k-lib mapou
bouske solèy lyrics
[1e vèsè: k-lib mapou]
m s on w lotri k nan latrin
k on w latriye nan lapli m ap griye
yo lapide lavi m
layite sou lavni m ap kriye
m koupab m e m viktim m pa konn ki konba m ap livre
listwa m sou figi m, men si w pa moun ou pap ka li l vre
m an mal atansyon
m ap viv mal ak tansyon
san eksitasyon, pou bonè m s on w eksepsyon
kò m tounen prizon m
presyon ak desepsyon
poze egzistans kesyon
m pa ka gad refleksyon m
rèv mwen ap tatonnen
e m pa fenk tanmen boujonnen
lide nan tèt mwen makonnen
sa mwen plante pa janm donnen
dè fwa gran jounen, mande m kote m ye m pa konnen
pa vi n kraponnen m
pou mwen lespwa s on w pawòl
doulè se mwen ki gеn monopòl
14 zan lekòl se kay tòl
e solidarite sou pеwòl
se pa tout blese tan geri
pa m yo l pa sispann agrave
m ap souri pandan m ap peri
desten pa m se nan wòch li grave
m ap viv nan yon paralèl inivè
m pa anvi wè ni moun ni limyè
nan rèv mwen m anvi al pase
letènite m
paske reyalite m s on w lanfè
[hook: nehemie bastien]
nan mitan solèy n ap chache syèl
lanfè nou gen koulè ke lakansyèl
[2èm vèsè: k-lib mapou]
yon lanp tenyen sou avni m di m lamizè pa kabann
m kwaze lepe ak lanmò chak jou sou wout mwen kadav se po kann
nan wout lanfè m ap chache lavi
m pèdi lafwa nan chimen lakwa
lespwa m pa lavil, m pati chache l anba rak bwa
yo fòse m janbe dlo, bwote m anpile m kou fatra anba pon
anba po m gen san nèg mawon, m sove men m pa kapon (non!)
non m, koulè po m, istwa m te toujou senbòl rezistans
distans ak tan se rans nan batay pou egzistans
[3èm vèsè: nehemie bastien]
tankou dlo, lavi pi gou nan bouch sa k pa genyen
se je w ki louvri chak fwa yon pòt fèmen
chak klète s on w lòt jou, nou grandi anba tray
pa gen pi fon toujou, pito n mouri pandan n ap batay
letras aleatórias
- letra de winter (demo) - nikadsretan
- letra de cursed creator - the black dahlia murder
- letra de philosophical trap - code80 & rx soulja
- letra de aaa - anna castiglia
- letra de the trap - hadassah vincent barucabamusic global network
- letra de sunset silhouettes - yara winarga
- letra de pull your head in, mate [remix] - dunn d
- letra de băieții (falsitatea) - rashid (rou)
- letra de why would the captured set free the flies? - vicious art
- letra de last day in calabasas - deebaby