letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de renmen ayiti - luck mervil

Loading...

nou bezwen lanmou yo ban nou male
nou bezwen lapè yo ban nou laguè
nou bezwen travay yo vle nou mande
nou bezwen vanse yo met chèn nan pye’n
nou bezwen respè yo pa prann pou moun
nou bezwen pale yo met pye sou kou’n
nou vle liberte yo bann religion
nou vle tet ansann yo c divisyon

kombyen timoun pouki pèdi avan ti dlo kule nn je’n
kombyen ayisyen puk mouri anvann deside leve pye’n
kombien tire di’n kombyen mò avan chèf tounen sèvitè
kombien viktim ak kombyen kò avan nu rele sètase

kombyen ti zang pouki peri anvan nou komprann fos lavi
kombyen kriye kombyen tanpri anvan pu mizè nou fini
kombyen vyolans ak san fanmiy avan’n kaba ak malfini
kombyen chante kombyen pwezi
avan nou renmen ayiti

nou bezwen sante yo ban’n kolera
nou bezwen mang yo ban nu fatra
nu vle abiye yo ban nu pèpè
nou bezwen leve yo mete’n atè

nou vle makònen yo pa wèl konsa
bezwen wè demen yo tuye lespwa
nou bezwen zanmi yo fè nou ledmi
nou bezwen grandi yo vle nou peri

refren bis
kombyen timoun pouki pèdi avan ti dlo kule nn je’n
kombyen ayisyen puk mouri anvann deside leve pye’n
kombien tire di’n kombyen mò avan chèf tounen sèvitè
kombien viktim ak kombyen kò avan nu rele sètase

kombyen ti zang pouki peri anvan nou komprann fos lavi
kombyen kriye kombyen tanpri anvan pu mizè nou fini
kombyen vyolans ak san fanmiy avan’n kaba ak malfini
kombyen chante kombyen pwezi
avan nou renmen ayiti
anvan nou renmen ayiti
li le pou nou renmen ayiti
mwen vle wè nou renmen ayiti
ayitiiiii
kilè nap renmen ayitiiii
fok nu renmen ayitiii
li le pou’n renmen ayitiiii

fin

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...