letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de papa nwel mwen se papam - gregory telfort

Loading...

mwen fèt nan raboto
kot timoun pa gen chans pou viv
lonbraj mwen se foto

yon bak ki prale à la dérive
lontan papa m ap pale m de ou
vinn kraze lespwa m
fè l tounen pousyè
lavi mwen pa gen gou
lan de mil la
vinn jwenn pye m atè

papa nwèl mwen
se papa m
paske chak jou m leve
se li sèlman ki toujou pran ka m
nan bouske lavi pou l ban m manje
papa nwèl mwen se papa m

ou di w’ap pot kado
pou timoun ki travay lekòl
men depi m piti lekòl ban m do
se monte nan mòn keyi korosòl
chante kolora nan bafon
kote m pase tout rès jounen m
douvan mizè lavi m anvi mawon
m mande anraje pou m kase chenn

papa nwèl mwen
se papa m
paske chak jou m leve
se li sèlman ki toujou pran ka m
nan bouske lavi pou l ban m manje
papa nwèl mwen se papa m

ou di djakout ou byen chaje
pou timoun ki konn dekore kay
men ti ajoupa m nan finn demanbre
siklòn pase l pa kite yon branch pay
wi m ta vle gen yon ap de nwèl
lavi a bay papa m move pataswèl
granmesi l mwen jwenn yon pope twèl
ki fè m konnen gou kado nwèl

papa nwèl mwen
se papa m
chak jou li nan laviwondede
manche gòl keyi de twa lam
pou l fè branch trip mwen demare
papa nwèl mwen se papa m

papa nwèl mwen
se papa m
paske chak jou m leve
se li sèlman ki toujou pran ka m
nan bouske lavi pou l ban m manje
papa nwèl mwen se papa m

papa nwèl mwen
se papa m
chak jou li nan laviwondede
manche gòl keyi de twa lam
pou l fè branch trip mwen demare
papa nwèl mwen se papa m

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...