letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de ou te la - makens attis & erline dorsainvil

Loading...

lè m’ap panse avèk ou segnè
m pa ka konprann bonte w anvè m
pami tout moun ki sou latè

se avè m ou toujou panse
mwen konnen ke mwen pa pafè
mwen pa dign pou m ba ou glwa
lè m panse ou te fini avè m
avèk pasyans ou kenbe m

ou te la segnè
lè m pa t gen you moun pou konsole m
lè w te lonje men w ban mwen
montay yo deplase
chemen an vin klere
nanm mwen rejenere
e se ou mwen remèsye
ii
si mwen pa ta di ou mèsi
pou premye? amou ou
mwen ta pase tout lavi m
engra chak jou
se sa k fè mwen ap chante
louwanj ki nan kè mwen
tout kote mwen va pase
mwen va temwaye non ou

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...