letras.top
a b c d e f g h i j k l m n o p q r s t u v w x y z 0 1 2 3 4 5 6 7 8 9 #

letra de lanmou se - venes music

Loading...

nan lanmou pa gen 2 pa gen 3 se sajes se respe ak konfyans
mwen mete’m tou piti pou nou viv paske mwen vle pou nou rive byen lwen
lanmou se li mwen vle pou grandi pou vi nou avni nou se li mwen vle, se li mwen vle

1
depi’m te tou piti y’ap pale’m de lanmou
m’pat konn sa sa vle di paske’m pat gen lespri
m’ap fe ti jwet renmen san mwen pat konn anyen
jodi a m-gon menaj demen mwen pa genyen
pou mwen seton plezi lavi mwen, mwen tap rejwi
san mwen pat konnen konbyen relasyon mwen tap detwi
zanmi’m abandone’m fanmi vire do ban mwen
paske m’pat gen lanmou mwen pouse yo lwen de mwen
men kounya mwen grandi neg gen plis matirite
w’paka pale de lanmou san’w pa pale de bondye
li ki kreye’l li renmen tout moun menm jan
ou nwa spanish ou te met blan

lanmou se mwen se ou ede mwen m’a ede ou
anpil min chay pa lou gen lanmou nan ke nou
pou younn ak lot ( pou younn ak lot)
ann fe efo (ann fe efo)
si ou dako (si ou dako)
chante pi fo ( come on)

chorus
lanmou se li nou chwazi
lanmou se li’n vle grandi
lanmou se li’n vle andann
nou sipoze renmen younn lot

2
w-ka posede tout byen, riches ki sou late
w-ka prezidan yon peyi min w’pa janme anpe
si’w pa gen lanmou nan ke’w wap viv nan fe nwe
mache san destinasyon tankou yon aveg
lanmou pa egoyis lanmou pa grandize
lanmou se pa fe we lanmou se pa fyete
renmen tout moun menm jan w’renmen tet pat ou
gran neg malere granmoun kon timoun
si’w vle on lavi ki bel yon fiti ki reel
le timoun yo grandi pou yo kap viv alez
aprann yo pataje aprann yo respekte
gen anpil pasyans si’w prese w’ka pa janm rive

lanmou se mwen se ou ede mwen m’a ede ou
anpil min chay pa lou gen lanmou nan ke nou
pou younn ak lot ( pou younn ak lot)
ann fe efo (ann fe efo)
si ou dako (si ou dako)
chante pi fo ( come on)

3
tout paran kape tande konnen byen sa sa vle di
lanmou yon pit-t son bag-y ke’w paka negosye
yo met fe’w fache blah blah y’ap fe’w pale
yo se soufrans ou zantray ou
mwen pa konnen’w ou pa konnen’m min nou se fre ak se
gade mwen byen nan je wa we jan nan sanble
ou se moun lakay mwen renmen’w ou pa moun lakay mwen renmen’w tou

lontan m’pat pran’w pou anyen kounya mwen we vale ou
min se lanmou k’fe sa a a a lanmou se tout sa a a a a

letras aleatórias

MAIS ACESSADOS

Loading...